Kenbe dosye vital yo an sekirite ka rann rekiperasyon apre katastwòf pi fasil

Konsèy Fiskal IRS 2023-107, 31 Dawout 2023

Dezas natirèl yo ka frape san avètisman. Pafwa, menm kontribyab ki pi pridan yo rete san dosye pèsonèl ak finansye enpòtan yo bezwen yo. Moun yo ka bezwen dokiman pou regle zafè enpo, pou pwogram asistans federal oswa nasyonal oubyen demann asirans.

Men kèk mezi ki kapab ede yo rekonstwi dokiman enpòtan yo.

Dosye fiskal

  • Kontribyab yo ka jwenn relve deklarasyon enpo yo touswit avèk Jwenn Relve sou IRS.gov.
  • Yo ka mande relve yo tou lè yo rele 800-908-9946 epi swiv enstriksyon yo.
  • Moun ki sèvi ak yon pwofesyonèl fiskal pou deklare enpo yo ta dwe kenbe enfòmasyon kontak yo nan yon kote ki an sekirite.

Relve finansye

Relve finansye ki soti nan konpayi kat kredi oswa bank yo disponib anjeneral sou entènèt. Moun yo ka kontakte bank yo tou pou yo jwenn kopi papye relve sa yo.

Dokiman pwopriyete yo

  • Pwopriyetè kay yo kapab kontakte sosyete tit la, sosyete depo fidisyè oswa bank ki te jere acha kay yo a oswa lòt pwopriyete pou jwenn dokiman ki an rapò ak pwopriyete pa yo a.
  • Anpil dosye pwopriyete yo disponib sou entènèt nan men evalyatè fiskal yo oswa lòt ajans gouvènman an. Tcheke sit entènèt gouvènman lokal yo pou enfòmasyon.
  • Kontribyab ki te fè amelyorasyon nan kay yo kapab rantre an kontak avèk kontraktyèl ki te fè travay la epi mande relve yo pou verifye travay yo ak depans yo. Yo kapab jwenn deskripsyon alekri tou nan men zanmi ak fanmi ki te wè kay la anvan ak apre amelyorasyon yo.
  • Pou pwopriyete ki eritye yo, kontribyab yo kapab konsilte dokiman tribinal yo pou yo konnen valè omologasyon yo. Si te deja gen yon fidisi oswa siksesyon, kontribyab yo kapab kontakte avoka ki te responsab fidisi a.
  • Konpayi asirans yo souvan kenbe dosye ki gen rapò ak byen ki konsève nan yon kay. Kontribyab yo ta dwe kenbe kontak asirans pwopriyete yo a anba men yo.
  • Pwopriyetè machin yo ka fè rechèch sou valè ki jis sou mache a pou pifò machin yo atravè resous ki disponib sou entènèt ak nan pifò bibliyotèk yo. Pami yo Liv Ble Kelley a (Kelley’s Blue Book), Asosyasyon Nasyonal Dilè Otomobil la (National Automobile Dealers Association) ak Edmunds.

Plis enfòmasyon: