Sere Avi sou Pèman akoz Chòk Ekonomik la ansanm ak lòt dosye taks ou

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy Taks COVID 2020-74, 23 Jen 2020

Moun ki resevwa yon Pèman akoz Chòk Ekonomik (Economic Impact Payment) (an anglè) ane sa a dwe sere Avi 1444 la, ki se Your Economic Impact Payment (Pèman akoz Chòk Ekonomik pa w la), nan dosye taks yo. Avi sa a bay enfòmasyon sou ki kantite lajan pèman an te ye, nan ki fòm pèman an te fèt epi kijan pou yo deklare si te gen yon pèman yo pa t resevwa.

Pou rezon ki gen rapò a sekirite, IRS voye avi sa a nan dènye adrès chak benefisyè te bay. Yo voye li disi 15 jou aprè yo poste pèman yo. Li enpòtan pou sere avi sa a sitou pou moun ki kwè ke kantite lajan ki nan pèman yo a pa kòrèk. Lè yo deklare revni pou taks 2020, yo kapab gade nan Avi 1444 epi reklame plis kredi toujou, si yo kalifye pou yo.

Se pou kontribyab yo sere avi sa a nan menm dosye ak lòt dosye taks ki enpòtan yo genyen. Pami sa yo ou gen, W-2 ke anplwayè yo bay, 1099 ke bank ak lòt peyè ba yo, lòt dokiman sou revni ak resi pou tranzaksyon lajan elektwonik yo.

Tout kontribyab dwe sere yon kopi ansyen deklarasyon taks yo ansanm ak dokiman ki sèvi kòm prèv pou omwen twa zan. Gen enfòmasyon kle ki nan deklarasyon ane avan an ki kapab obligatwa pou fè deklarasyon ane pwochèn nan. Chanjman nan lavi tankou travay oswa sitiyasyon matrimonyal ak pwofi oswa pèt finansyè kapab afekte yon ranbousman taks oswa kantite taks yon moun ka dwe.

Dat limit pou deklare taks (an anglè) la ranvwaye jiska 15 Jiyè 2020. IRS ap trete dosye deklarasyon taks, distribye ranbousman ak aksepte pèman aktyèlman la. Kontribyab ki voye deklarasyon taks pa lapòs yo ap pran plis reta pase lòt moun. Li pa nesesè pou voye okenn lòt deklarasyon taks ni pou rele IRS nan telefòn.

Plis enfòmasyon

Abòne nan Konsèy Taks IRS (an anglè)