IRS.gov ofri èd fiskal nan plizyè lang

Konsèy Fiskal IRS 2023-43, 3 avril 2023

IRS fè efò pou sèvi tout kontribyab yo, kèlkeswa kote yo abite, orijin yo oswa lang yo pale. Pou ede atenn objektif sa a, IRS la tradui enfòmasyon fiskal yo epi li bay kontribyab yo èd nan anpil lang ki popilè.

IRS.gov gen enfòmasyon fiskal nan sèt (7) lang. Kontribyab yo kapab tou senpleman chwazi lang yo pi pito an nan meni ki anlè nan tèt paj la. Pou kounye a ou ka chwazi:

  • Panyòl
  • Chinwa Tradisyonèl
  • Chinwa Senplifye
  • Koreyen
  • Ris
  • Vyetnamyen
  • Kreyòl Ayisyen

Paj Lang (an anglè) IRS la ofri konsèy ak enfòmasyon fiskal nan plis lang toujou. Pou chak lang, li gen enfòmasyon sou sijè tankou:

  • Deklarasyon Dwa Kontribyab la
  • Ranpli enfòmasyon pou patikilye ak biznis yo
  • Opsyon pèman yo
  • Ranbousman yo
  • Kòman Pou Jwenn Èd Fiskal

Sèvis Entèpretasyon yo

Si kontribyab yo pa ka jwenn repons pou kesyon fiskal yo sou IRS.gov, IRS ofri èd nan plis pase 350 lang atravè sipò entèprèt pwofesyonèl yo. Pou asistans nan lang panyòl, kontribyab yo ta dwe rele 800-829-1040. Pou tout lòt lang, kontribyab yo ta dwe rele 833-553-9895.

Asistan IRS yo pral kapab:

Lòt resous pou lang