IRS: Konpansasyon chomaj taksab; fè prelèvman taks sou li koulye a pou w ka evite sipriz nan sezon taks

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2020-185, 18 Dawou 2020

WACHINGTONN — Ak plizyè milyon Ameriken k ap resevwa konpansasyon chomaj ki taksab yo, anpil nan yo pou premye fwa, Sèvis Revni Entèn jounen jodi a ap fè moun ki resevwa konpansasyon chomaj yo sonje yo bezwen fè prelèvman taks koulye a menm sou kòb yo jwenn nan. Sa ap ede yo evite dwe lajan taks sou revni sa a lè yo fè deklarasyon taks federal yo nan ane k ap vini an.

Daprè lalwa, konpansasyon chomaj la taksab, kidonk ou dwe rapòte l nan deklarasyon taks federal ou pou ane 2020 an. Avantaj sosyal ki taksab gen ladann nenpòt kalite konpansasyon chomaj ki otorize daprè lwa Èd, Alèjman, ak Sekirite Ekonomik (CARES) nan pandemi Kownaviris la, leta adopte nan sezon prentan ane sa a.

Prelèvman se yon desizyon volontè. Lwa Federal pèmèt nenpòt benefisyè pou yo chwazi fè prelve yon to 10% inifòm nan benefis yo jwenn pou kouvri yon pati oubyen tout responsabilite taks yo. Pou w fè sa, ranpli Fòmilè W-4V, Rekèt poou Prelèvman Volontè (an anglè) PDF, epi bay ajans k ap peye w la li. Pa voye l bay IRS. Si moun k ap peye w la genyen pwòp fòmilè rekèt prelèvman pa l, itilize pa l la pito.

Si yon benefisyè pa chwazi fè prelèvman, oubyen prelèvman an pa ase, yo ka fè pèman estimasyon taks pito. Pèman pou de premye trimès 2020 an dwe fèt 15 Jiyè. Pou twazyèm ak katriyèm trimès yo, pèman dwe fèt 15 Septanm 2020 ak 15 Janvye 2021 respektivman. Pou plis enfòmasyon, tankou kèk fèy travay ki itil, gade Fòmilè 1040-ES ak Piblikasyon 505 (an anglè), ki disponib sou IRS.gov.

Men kèk tip pèman kontribyab taks yo dwe verifye prelèvman taks sou yo:

  • Benefis yon eta peye oubyen se Distrik Kolombya ki peye l nan Fon Trezò Federal pou Chomaj
  • Benefis konpansasyon chomaj pou moun ki nan Sèvis Fewovyè
  • Benefis pou ankikape ki peye kòm pou ranplase konpansasyon chomaj
  • Kòb ki alwe pou reajiste kòmès daprè Lwa sou Kòmès (Trade Act) 1974 la
  • Asistans nan Chomaj daprè Lwa Asistans nan Ijans ak Èd nan Katastwòf 1974 la, epi
  • Asistans nan chomaj daprè Lwa Derègleman Ayeryen nan Pwogram 1978 la

Benefisyè ki retounen travay anvan ane a fini ka itilize Estimatè Prelèvman Taks IRS la pou fè sèten yo pran kantite taks ki ase sou kòb yo touche yo. Disponib sèlman sou IRS.gov, zouti entènèt sa a ka ede nenpòt ouvriye oubyen yon moun ki resevwa kòb pansyon evite oubyen diminye yon nòt ki endike lajan taks pou yo peye na fen ane a oubyen pou yo estime kantite kòb ranbousman yo vle.

Nan mwa Janvye 2021, Moun ki resevwa kòb pou chomaj yo ta dwe resevwa yon Fòmilè 1099-G, Deseri Pèman Gouvènman Bay (an anglè) PDF nan ajans ki te peye yo benefis yo a. Fòmilè a ap endike montan konpansasyon chomaj yo te resevwa pandan 2020 an nan Bwat 1, epi tout taks sou revni ki te preleve nan Bwat 4. Kontribyab taks yo rapòte enfòmasyon sa a, ansanm ak revni W-2 yo, nan deklarasyon taks federal 2020 yo a. Pou plis enfòmasyon sou chomaj, gade Benefis Chomaj nan Piblikasyon 525 (an anglè).