IRS gen pou l poste yon lèt espesyal voye bay anviwon 9 milyon moun ki pa deklare yo, pou l mande yo pou yo ale sou IRS.gov epi avan dat 15 Oktòb la pase pou yo reklame Kòb Pèman yo pou Chòk Ekonomik la

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2020-203, 8 Septanm 2020

WACHINGTONN — Pita nan mwa sa a, Sèvis Revni Entèn ap kòmanse poste lèt voye bay yon nèf milyon Ameriken konsa ki an prensip pa soumèt dosye deklarasyon taks sou revni, men ki ka gen dwa, menm si yo pat enskri pou reklame l, pou yo jwenn kòb Pèman pou Chòk Ekonomik lan.

Lèt sa yo pral ankouraje moun ki jwenn yo pou yo enskri sou IRS.gov anvan dat 15 Oktòb la pase pou yo ka jwenn kòb pèman pa yo a anvan ane a fini. Moun ka rive jwenn kòb ale nan ata nenpòt $1,200, epi koup marye yo ka rive ata nan nenpòt $2,400 yo. Moun ki gen timoun ki pi piti pase laj 17 nan fen 2019 lan an epi pi merite sa ka jwenn ata nenpòt $500 adisyonèl pou chak ti moun ki gen dwa sa a.

Lèt yo gentan nan wout pou ale jwenn moun ki pat deklare ni pou 2018 osinon 2019. Selon analiz entèn, moun sa yo se moun ki pa gen egzijans nòmal pou deklare taks lakòz yo manke antre kòb daprè Fòmilè W-2, 1099 yo ak deklarasyon twazyèm pati yo ki disponib nan IRS. Men anpil nan gwoup moun sa yo toujou gen dwa pou yo resevwa kòb Pèman pou Chòk Ekonomik la.

"IRS fè yon efò sansibliizasyon li pat janm fè avan pou l ka fè sèten moun konnen si wi ou non yo se kandida potansyèl pou resevwa Pèman pou Chòk Ekonomik lan ane sa a" Se sa Komisyonè IRS la Chuck Rettig di. "Milyon ak milyon moun ki an prensip pa deklare taks gentan enskri epi resevwa yon pèman. Nou fè pa an plis sa a pou n ka ede Ameriken ki pa konnen si yo se kandida pou pèman sa a oswa ki pa konnen kòman pou yo enskri pou yo ka jwenn li. Moun ki pat anba obligasyon pou fè deklarasyon taks ka enskri byen vit sou IRS.gov pou yo ka toujou jwenn lajan pa yo a ane sa a."

Lèt la, moun konnen ofisyèlman sou non Avi IRS 1444-A, ekri nan lang Anglè ak lang Panyòl epi l bay tou enfòmasyon sou kritè k ap bay moun dwa pou reklame yon kòb Pèman pou Chòk Ekonomik lan sou IRS.gov. Lèt poste yo, k ap kòmanse ale nan zòn 24 Septanm yo, ap soti nan adrès IRS. Pou yo ka ede abòde pwoblèm fwod, gen yon kopi lèt la (an anglè) PDF ki disponib sou IRS.gov.

Si moun ki resevwa lèt yo poko fè sa, lèt la mande moun ki gen dwa yo pou yo pa kite date 15 Oktòb la pase pou yo pa enskri pou jwenn kòb la. Se pou yo itilize zouti gratis ki di Moun Ki Pa Dekalre yo: Antre Enfòmasyon Pèman an La (an anglè). Zouti sa a disponib an anglè epi an Panyòl sèlman sou IRS.gov. Plis pase sèt milyon moun gentan itilize zouti Moun Ki Pa Ranpli Taks la nan tan n ap pale la a pou yo jwenn yon kòb pèman. Sila yo ki pa anmezi pou jwenn zouti Moun Ki Pa Deklare Yo ka soumèt yon deklarasyon senplifye sou papye, men yo bezwen pase nan chemen yo ki dekri nan Pèman pou Chòk Ekonomik lan FAQ yo (an anglè) sou IRS.gov la.

IRS fè moun ki jwenn lèt yo sonje si yo jwenn lèt sa pa garanti yo ap gen dwa jwenn yon kòb Pèman pou Chòk Ekonomik lan. Yon moun gen chans pou l jwi privilèj la si l se sitwayen Ameriken oswa yon etranje rezidan; si l genyen yon nimerwo Sekirite Sosyal ki ba l dwa travay; epi yon moun pa ka reklame di l se yon depandan nan deklarasyon taks federal li. Poutan, gen yon dividal sitiyasyon diferan ki ka afekte pou yon moun merite jwenn li. Pou plis enfòmasyon sou sa k ka fè w gen dwa, moun ki resevwa lèt yo ka ale nan FAQ pou jwenn dwa (an anglè) Pèman pou Chòk Ekonomik lan sou IRS.gov.

Dènye dat pou moun ki pa deklare yo enskri pou yo ka reklame kòb Pèman pou Chòk Ekonomik la pa mwayen zouti ki di Moun Ki Pa Deklare Yo se 15 Oktòb 2020. Moun ka rete tann to jouk ane pwochèn epi reklame l lè sa a kòm kredi sou taks federal sou revni 2020 yo a lè y ap deklare nan ane 2021.

IRS peze anpil pou l di nenpòt moun ki te oblije deklare kit pou 2018 oubyen pou 2019, se deklarasyon taks li pou l fè; se pa zouti Moun Ki Pa Deklare Yo pou l sèvi.

 

Pa rete tann: Moun Ki Pa Deklare yo ka toujou jwenn yon pèman, men yo pa dwe kite dat 15 Oktòb la pase.

Malgre pi fò Ameriken − plis pase 160 milyon an tou − gentan resevwa Pèman pa yo a pou Chòk Ekonomik la, IRS ap fè nenpòt moun ki gen revni fèb yo oswa ki pa gen pyès revni epi ki pat bezwen fè yon deklarasyon pou taks sonje yo ka byen kandida pou yo resevwa yon Pèman pou Chòk Ekonomik lan. Sa a se vre kit yo jwenn lèt kit yo pa jwenn lèt.

Rettig di konsa "Prèske pa gen tan ki rete ankò ane sa a pou IRS voye pèman yo ale." "Moun ki nòmalman pa deklare taks pa ta dwe rete tann pou yo wè si y ap resevwa yon lèt konsa. Yo ka ale repase sou machaswiv yo epi enskri koulye a si yo panse yo merite l."

Disponib ni an anglè ni nan lang Panyòl, zouti Moun Ki Pa Deklare Yo a te konsevwa pou moun ki an prensip fè pi piti pase $24,400 an tou pou de moun ki marye, epi $12,200 pou selibatè. Sa vle di tou ni moun ki marye oubyen k ap viv sèl men ki sanzabri.

Moun ka gen dwa jwenn yon kòb pèman, menm si yo p ap travay oubyen yo pa gen pyès revni. Men ouvriye ki gen revni fèb oubyen modere yo epi fanmi klas ouvriyè ki kandida pou resevwa benefis espesyal nan taks, tankou Kredi Taks pou Revni W Antre oswa Kredi Taks pou Timoun, pa ka itilize zouti sa a. Yo ap bezwen fè yon deklarasyon nòmal pi vit yo kapab. IRS ap itilize enfòmasyon ki nan deklarasyon taks yo a pou l ka detèmine epi delivre nenpòt EIP li panse yo kandida pou yo jwenn.

Nenpòt moun ki itilize zouti Moun Ki Pa Deklare Yo ka jwen kòb pèman yo a pi vit si yo chwazi resevwa l nan depo dirèk. Sila yo ki pa chwazi opsyon sa a ap resevwa yon chèk.

Depi pou kòmanse de semèn aprè yo enskri a, moun ka swiv tras pèman y a jwenn nan si yo itilize zouti ki di Jwenn Pèman Pa M Nan (an anglè), li disponib sèlman sou IRS.gov.

 

Veye zo w ak eskwokri

IRS mande ak ijans pou tout moun mete yo veyatif kont eskwokri ki gen pou wè ak Pèman pou Chòk Ekonomik lan. Se pou n veye sitou eskwokri k ap vini nan imel, apèl oubyen mesaj k ap pale koze pèman sa yo. Fè atansyon epi pridan: IRS p ap voye kominikasyon elektwonik ou pat mande epi pou y ap di w pou ouvri yon dokiman atache, ale sou yon sitwèb oswa pataje done pèsonèl oubyen finans.

Sonje pou w ale dirèk epi sèlman sou IRS.gov si w bezwen enfòmasyon ki ofisyèl. Espesyalman, ni zouti Moun Ki Pa Deklare Yo ni zouti Jwenn Pèman Pa m Nan, tou le de disponib sèlman sou IRS.gov. Yo pa disponib sou okenn lòt sitwèb.

Pou plis Enfòmasyon sou Pèman pou Chòk Ekonomik lan, tankou repons yo mete ajou sou kesyon moun poze souvan ansanm ak sou lòt resous, ale sou IRS.gov/coronavirus (an anglè).