IRS voye Avi CP2100 ak 2100A lè yon Peyè Sipoze Korije Erè ki Genyen nan Sovgad Prelèvman yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-67, 2 me 2022

Nan mwa avril la, IRS te voye avi CP2100 ak CP2100A bay bank yo, koperativ yo, antrepriz oswa peyè ki fè deklarasyon ki pa konpatib ak done IRS yo.

Enfòmasyon sa yo gen nan yo:

  • Fòm 1099-B, Sa ki jenere apati de tranzaksyon Koutaj ak Echanj
  • Fòm 1099-DIV, Dividann ak Distribisyon
  • Fòm 1099-G, Kèk Pèman Gouvènman
  • Fòm 1099-INT, Revni Enterè
  • Fòm 1099-K, Pèman Kat ak Tranzaksyon Rezo tyès yo
  • Fòm 1099-MISC, Revni Divè
  • Fòm 1099-NEC, Konpansasyon pou moun ki pa anplwaye
  • Fòm 1099-OID, Diskont ki soti nan Emisyon Inisyal la
  • Fòm 1099-PATR, Distribisyon taksab ki fèt apatid de koperativ yo
  • Fòm W-2G, Kèk gen Jwèt Aza

IRS ap voye avi sa yo bay kontribay yo pa lapòs de (2) fwa pa ane, nan mwa septanm ak oktòb ankò, nan mwa avril nan ane ki vini aprè a. Avi yo ap di kontribyab yo, deklarasyon kontribyab yo te fè a manke nimewo idantifikasyon kontribyab yo oswa gen yon non ki pa kòrèk oswa toulède sa nou sot site yo.

Chak avi ap gen yon lis benefisyè ak pwoblèm TIN nou idantifye yo. Peyè yo ap gen pou konpare nimewo kont ki afiche nan avi a ak dosye kont yo epi korije oswa fè mizajou nan dosye kont yo si sa nesesè. Sa kapab gen ladann tou koreksyon sovgad prelèvman sou yon peman benefisyè a te resevwa.

Avi a fè peyè a konnen tou, li responsab pou li fè sovgad prelèvman yo. Pèman ki rapòte nan deklarasyon enfòmasyon ki afiche pi wo yo gendwa sijè a sovgad prelèvman si:

  • Peyè a pa gen TIN benefisyè a lè l ap fè pèman ki sipoze deklare.
  • Benefisyè a pa sètifye TIN li jan yo mande sa a pou deklarasyon enterè, dividann, koutaj ak twòk yo.
  • IRS ap fè peyè a konnen benefisyè a bay yon TIN ki enkòrèk, epi benefisyè a pat sètifye TIN yo jan yo egzije sa a.
  • IRS ap di peyè yo pou yo kòmanse sovgade prelèvman paske benefisyè a pat deklare tout enterè ak dividann li yo nan deklarasyon taks li.

    Peyè a responsab pou montan prelèvman li pat byen sovgade epi yo gendwa gen penalite ki aplikab tou.

Plis enfòmasyon

Abòne nan Konsèy sou taks IRS yo (an angle)