IRS ap chèche ofri plizyè milye travayè travay nan sezon lete sa a

IR-2022-114, 1ye jen 2022

WASHINGTON — Pou ranfòse mendèv li ak pou pi byen ede kontribyab y oak antrepriz yo, Sèvis Revni Entèn nan te anonse jodiya ke li ap chèche anplwaye depase 4 000 pòs pou ajan reprezantan nan plizyè biwo IRS nan tout peyi a pandan sezon lete sa a.

Yon ajan reprezantan bay asistans administrative ak teknik pou moun yo ak antrepriz yo, toudabò nan telefòn, ataravè yon korespondans alekri oswa an pèsòn. Pòs a tan plen sa yo se nan kad yon sitiyasyon espesyal kote y ap bay travay ki rele otorite rekritman dirèk (an anglè). Gen pòs a tan plen , bileng (panyòl) ki disponib tou. Yo pa mande pou w te gen eksperyans deja.

"IRS la kontinye ap ogmante mendèv li nan 2022 a pou amelyore eksperyans kontribyab la," se Responsab Eksperyans Kontribyab epi Komisè pou Salè ak Envestisman IRS la, Ken Corbin kki te di sa. "Nou genyen yon varyete travay ki disponib nan tout peyi a. Ajan reprezantan, pami lòt pòs, travay dirèkteman avèk kontribyab yo pandan n ap ede yo nan sa ki gen pou wè ak obligasyon fiskal yo."

IRS la ofri sale ak avantaj ki konpetitif, fòmasyon pandan w nan travay, ak opòtinite pou w avanse. Echèl salè pou pòs sa yo kòmanse nan yon nivo GS-05 (an anglè). Pòs disponib yo varye selon kote a men gen ouvèti pou travay lajounen yo (lè ant 6è nan maten ak 6è nan aswè), pòs mi-jounen (soti 10è maten rive 10è nan aswè) ak pòs tranzisyon yo(soti 2è apremidi pou rive inè edmi (1:30) nan maten)) nan 22 vil nan tout peyi a, ansanm avèk Pòtoriko.

Evènman pataj enfòmasyon vityèl

Ajans la nap òganize yon evènman pataj enfòmasyon vityèl nan mwa jen an kote IRS la pral eksplike kalifikasyon ki nesesè ak fonksyon pòs yo pou travay ajan reprezantan an epi bay konsèy pou demach aplikasyon an. Patisipan yo genyen pou yo koute anplwaye yo tou k ap bay apèsi sou travay y ap fè toulèjou.

Evènman an prezansyèl yo

Evènman an prezansyèl yo ap fèt sitou nan mwa jen an, tout piblik la ap kapab patisipe, epi y ap fèt nan vil sa yo: Andover, Mass.; Atlanta, Ga.; Philadelphia, Pa.; Fresno and Oakland, Calif.; Brookhaven, N.Y.; Cincinnati, Ohio; Memphis, Tenn.; ak Caguas, Puerto Rico. Enskripsyon pou sa yo ak plis ankò disponib sou paj karyè IRS (an anglè) la.

Nou ankouraje candida ki enterese yo pou yo pote kourikouloum vite y oak de (2) fòm idantifikasyon (sa vle di, lisans chofè leta ak/oswa kat idantifikasyon, batistè, paspò ameriken, ID militè oswa kat Sekirite Sosyal). Kandida ki kalifye yo ap resevwa òf pou travay pwovizwa pandan evènman an prezansyèl yo.

Nou rekòmande pou moun yo enskri davans epi distans sosyal obligatwa pou patisipasyon nan fowòm pou travay an prezansyèl la. Dapre direktiv Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi yo (CDC), mete mask pa obligatwa sou sit fowòm pou travay sa yo. Pou tout detay sou evènman vityèl yo epi pou enskri pou patisipe nan youn nan evènman an prezansyèl yo, vizite jobs.irs.gov/events (an anglè).

IRS bay tout anplwaye li yo menm opòtinite. Tout anplwaye yo dwe sitwayen ameriken, pase yon verifikasyon anprent nan FBI ak yon verifikasyon konfòmite fiskal, epi reponn ak kritè kalifikasyon edikayon, fòmasyon, ak eksperyans yo.