Kesyon yo Poze Souvan sou Kredi Enpo pou Timoun an 2021 ak Peman Avans Kredi Taks pou Timoun IRS revize yo

IR-2022-53, 8 Mas 2022

WASHINGTON — Jodia Sèvis Revni Entèn nan te aktyalize kesyon yo poze souvn li yo (FAQs) (FS-2022-17 PDF) sou Kredi Taks pou Timoun 2021 an ak Pèman Avans Kredi Taks pou Timoun yo. Mizajou sa yo la pou ede fanmi kalifye yo reklame kredi a kòmsadwa lè yo prepare ak depoze deklarasyon taks 2021 yo a.

Chanjman sa yo montre Piblikasyon 972, Kredi Taks pou Timoun nan pa bon ankò. Kontribyab yo ta dwe refere yo nan Anèks 8812 (Fòm 1040) (an anglè). Anèks 8812 (Fòm 1040) sèvi kounyeya pou kalkile kredi taks pou timoun yo ak deklare pèman avans kredi taks pou timoun yo resevwa an 2021, ak pou kalkile tout taks adisyonèl yo dwe si yo te resevwa pèman avans kredi taks pou timoun nan aleksè pandan 2021 an.

Revizyon FAQ ak ajou sa yo se:

  • Kredi Taks pou Timoun 2021 ak Pèman Avans Kredi Taks pou Timoun yo — Sijè B: Kalifikasyon pou Pèman Avans Kredi Taks pou Timoun yo ak Kredi Taks pou Timoun 2021 an: K3
  • Kredi Taks pou Timoun 2021 ak Pèman Avans Kredi Taks pou Timoun yo — Sijè C: Kalkil Kredi Taks pou Timoun 2021 an: K1
  • Kredi Taks pou Timoun 2021 ak Pèman Avans Kredi Taks pou Timoun yo — Sijè D: Kalkil Pèman Avans Kredi Taks pou Timoun yo: K1

Y ap bay FAQ sa yo pou bay plis enfòmasyon jeneral pou kontribyab yo ak pwofesyonèl taks yo pi vit posib.

Gen plis enfòmasyon sou depandans disponib.

IRS-FAQ