IRS raple kontribyab yo sipoze tcheke yon kazye nan Fòm 1040, 1040-SR oswa 1040-NR sou tranzaksyon monnen vityèl pou ane 2021 an

IR-2022-61, 18 mas 2022

WACHINTONN (WASHINGTON) — IRS raple kontribyab yo gen yon kesyon sou monnen vityèl nan tèt Fòm 1040, Fòm 1040-SR ak Fòm 1040-NR. Li mande: "Pandan nenpòt moman nan ane 2021, èske ou te resevwa, vann, echanje, oswa fè pasasyon otreman nenpòt enterè finansye nan nenpòt monnen vityèl?"

Tout kontribyab ki ranpli Fòm 1040, Fòm 1040-SR oswa Fòm 1040-NR dwe tcheke kazye ki di "Wi" oswa sa ki di "Non" /an pou reponn kesyon monnen vityèl la. Tout kontribyab yo dwe reponn kesyon an, pa sèlman kontribyab ki te reyalize yon tranzaksyon ki enplike monnen vityèl an 2021.

Lè kontribyab yo ka tcheke "Non"

Kontribyab ki te senpleman posede monnen vityèl nenpòt lè nan ane 2021 an ka tcheke kazye "Non" an si yo pa t reyalize okenn tranzaksyon ki enplike monnen vityèl pandan ane a, oswa aktivite yo te limite a sa sèlman:

  • Posede monnen vityèl nan pwòp bous yo oswa kont yo.
  • Transfere monnen vityèl ant pwòp bous yo oswa kont yo.
  • Achte monnen vityèl lè yo sèvi avèk monnen reyèl, ki gen ladan acha sou platfòm elektwonik monnen reyèl tankou PayPal ak Venmo.
  • Angaje nan yon konbinezon posede, transfere, oswa achte monnen vityèl jan sa dekri pi wo a.

Lè kontribyab yo dwe tcheke "Wi"

Lis ki anba a kouvri tranzaksyon ki pi komen ak monnen vityèl ki mande pou tcheke kazye "Wi" a:

  • Resevwa monnen vityèl antanke pèman pou machandiz oswa sèvis ou bay;
  • Resevwa oswa transfere monnen vityèl gratis (san okenn konsiderasyon) ki pa kalifye antanke yon kado bòn fwa;
  • Resevwa nouvomonnen vityèl apati de aktivite minaj yo;
  • Resevwa monnen vityèl apati de yon chanjman radikal (hard fork);
  • Yon echanj monnen vityèl pou byen, machandiz, oswa sèvis;
  • Echanj / komès monnen vityèl pou yon lòt monnen vityèl;
  • Vann monnen vityèl; ak
  • Nenpòt lòt fòm pasasyon de yon enterè finansye nan monnen vityèl.

Si yon kontribyab fè pasasyon monnen vityèl li te posede kòm yon byen kapital atravè vant, echanj oswa transfè, li dwe tcheke "Wi" epi sèvi ak Fòm 8949 pou kalkile pwofi oswa pèt kapital yo epi rapòte li nan Anèks D (Fòm 1040) la.

Si yon kontribyab te resevwa nenpòt monnen vityèl antanke konpansasyon pou sèvis oswa fè pasasyon nenpòt monnen vityèl yo te posede pou vann yon kliyan nan yon komès oswa biznis, li dwe rapòte revni a menm jan li ta rapòte lòt revni nan menm kalite a (pa egzanp, W-2 salè nan Fòm 1040, 1040-SR, oswa 1040-NR, liy 1, oswa envantè oswa sèvis ki soti nan Anèks C nan Anèks 1) an.

Pou plis enfòmasyon, gade paj 17 Enstriksyon Fòm 1040 2021 (an anglè) PDF la an  epi vizite Monnen Vityèl pou jwenn enfòmasyon jeneral sou monnen vityèl ak lòt resous ki gen rapò ak sa.