IRS la ap raple kontribyab yo de ekstansyon dat limit deklarasyon kap fini la a, Deklarasyon Gratis rete disponib jiska 17 novanm

IR-2022-179, 14 oktòb, 2022

WASHINGTON - Jodi a, Sèvis Revni Entèn raple kontribyab yo ki te fè demann ekstansyon tan pou yo te kapab fè deklarasyon enpo sou revni 2021 yo, dat limit lan se lendi 17 oktòb. Deklarasyon gratis IRS la rete disponib jiska 17 novan pou moun ki toujou bezwen fè deklarasyon taks 2021 yo. Sa gen ladann moun ki kalifye pou Kredi Enpo pou TimounKredi Ranbousman Rekiperasyon oswa Kredi Enpo sou Revni ki Rantre men ki potko fè yon deklarasyon taks 2021 pou kapab reklame yo.

Deklarasyon Gratis IRS se yon patenarya piblik prive ant IRS la ak endistri lojisyèl preparasyon taks yo ki mete pwodwi gwo renome yo a dispozisyon nou gratis. Gen (8) wit pwodwi Deklarasyon Gratis ki disponib an anglè ak (2) de an espanyòl.

Deklarasyon Gratis IRS bay de fason pou kontribyab yo prepare epi reyalize deklarasyon enpo sou revni federal 2021 yo anliy gratis:

  • Sit Patnè IRS yo. Deklarasyon Gratis IRS tradisyonèl la bay opsyon preparasyon ak reyalizasyon deklarasyon taks gratis sou sit patnè IRS yo. Kontribyab yo ki gen revni brit ajiste yo (AGI) egal a 73,000 dola oswa pi piti kalifye pou nenpòt ki deklarasyon gratis patner yo ofri. Deklarasyon gratis pèmèt endividi yo prepare epi reyalize deklarasyon enpo federal yo elektwonikman anliy, epi itilize gid preparasyon taks.
  • Fòm Deklarasyon Gratis yo. Pou kontribyab ki gen AGI yo pi plis pase 73,000 dola, gen yon opsyon Fòm ki ka Ranpli pou Deklarasyon Gratis yo (an anglè) ki disponib. Li bay fòm taks federal yo so fòma elektwonik kote ou kapab ranpli yo anliy gratis. Pou ou itilize yo, kontribyab yo sipoze an mezi pou yo prepare deklarasyon taks yo pou kont yo.

Toujou kòmanse sou sit IRS.gov la:

  • Sou paj dakèy la, chwazi Fè Deklarasyon Enpo ou Gratis.
  • Itilize zouti rechèch Deklarasyon Gratis IRS la pou ou kapap redwi lis founisè yo oswa paj rechèch tout òf yo pou ou kapab jwenn yon lis ki gen tout founisè yo okonplè.
  • Klike sou lyen ki mennen sou sit entènèt founisè ou chwazi a.

Kontribyab yo ki fè demann ekstansyon (6) sis mwa pou fè deklarasyon yo sipoze konplete deklarasyon taks yo epi fè deklarasyon taks yo avan oswa egzakteman nan dat limit 17 oktòb la.

Pwogram Deklarasyon Gratis IRS la bay kontribyab ki elijib yo opòtinite pou yo fè deklarasyon taks yo epi reklame Kredi ranbousman rekiperasyon 2021 an, Kredi Enpo pou Timoun yo okonplè, Kredi enpo sou revni ou rantre oswa lòt kredi enpòtan yo gendwa kalifye pou resevwa yo. IRS la ap raple kontribyab yo fason ki pi rapid pou resevwa yon ranbousman se lè ou fè yon deklarasyon elektwonik epi ou chwazi depo dirèk.

Deklarasyon taks ane ki pase yo kapab fèt elektwonik sèlman ak yon preparatè taks ki anrejistre (an anglè) pou de (2) ane ki pase yo. Sinon, kontribyab yo sipoze enprime, siyen epi voye ale pa lapòs deklarasyon taks yo pou ane avan an.

Repètwa Moun ki Prepare Deklarasyon Taks Federal IRS la ansanm ak Konpetans ak Meyè Kalifikasyon yo (an anglè) afiche lis preparatè lokal ki kalifye yo.

Klike sou lyen ki mennen sou sit entènèt founisè ou chwazi a. Itilize zouti rechèch Deklarasyon Gratis IRS la pou ou kapap redwi lis founisè yo oswa paj rechèch tout òf yo pou ou kapab jwenn yon lis ki gen tout founisè yo okonplè.

Deklarasyon gratis rete disponib jiska 17 novanm pou ede kontribyab ki elijip pou estimilis, Kredi Enpo pou Timou, EITC

Apati de semèn sa a, Sèvis Revni Entèn ap voye lèt bay plis pase 9 milyon endividi ak fanmiy ki sanble kalifye pou divès avantaj fiskal enpòtan men ki pat reklame yo lè yo fè yon deklarasyon taks sou revni federal 2021. Anpil moun nan gwoup sa a gendwa kalifye pou reklame kèk oswa tout Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 yo, Kredi Taks pou Timoun nan, Kredi Taks Sou Revni ou Touche a ak lòt kredi taks yo an fonksyon de sitiyasyon pèsonèl yo oswa sitiyasyoh fanmi yo. Lèt rapèl espesyal sa yo, k ap gen pou rive nan bwa lèt yo nan semèn k ap vini la yo, ap al jwenn moun ki sanble kalifye pou Kredi Taks pou Timoun nan, Kredi Ranbousman Rekiperasyon oswa Kredi Taks sou Revni ou Touche, men ki potko fè deklarasyon taks 2021 pou reklame yo. Lèt sa yo enprime ni an anglè ni an espanyòl, yo bay yon ti rezime tou kout sou chak kredi sa yo.

Sa yo ak lòt avantaj fiskal yo te pwolonje nan kad Lwa Plan Sovtaj Ameriken ane pase a ak lòt lejislasyon resan. Malgre sa, sèl fason pou ou resevwa avantaj enpòtan sa a se lè ou fè yon deklarasyon taks 2021.

Souvan, endividi yo ak fanmiiy yo kapab benefisye avantaj fiskal elaji sa yo (an anglè), menm delè yo ta gen ti revni oswa pa ta gen revni ditou ki soti nan yon anplwa oswa nan lòt sous. Sa vle di anpil moun ki, jeneralman, pa bezwen fè deklarasyon taks sipoze fè sa ane sa a, menm si yo pa t gen obligasyon pou fè deklarasyon taks nan ane ki sot pase la yo.

Moun yo kapab fè yon deklarsyon taks menm si yo poko resevwa lèt pa yo. IRS la ap raple moun yo, pa gen okenn penalite poutèt ou reklame yon ranbousman nan yon deklarasyon taks ou fè aprè dat limit fiskal regilye avril 2022 an. Fason ki pi rapid e pi fasil pou resevwa yon ranbousman se lè ou fè yon deklarasyon taks ak done ki kòrèk epi ou chwazi depo dirèk.

Pou ede moun yo reklame avantaj sa yo, san frè Deklarasyon Gratis ap rete disponib pou yon mwa siplemantè ane sa a, jiska 17 novanm 2022. Li disponib sèlman sou IRS.gov/freefile IRS.GOV/FREEFILE, Deklarasyon Gratis pèmèt moun revni yo egal a $73,000 oswa pi piti, pou fè yon deklarasyon anliy gratis lè yo itilize lojisyèl gi gen gwo renome. Se Free File Alliance ki finanse Deklarasyon Gratis la, nan kad yon patenarya ant IRS ak endistri lojisyèl taks yo.