IRS fè sonje: Kontribyab taks yo ka jwenn ekstansyon ale pou jouk 15 Oktòb pou yo fè deklarasyon taks yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2020-153, 14 Jiyè 2020

Wachingtonn — Sèvis Revni Entèn jounen jodi a fè kontribyab taks yo sonje nouvo dat 15 Jiyè 2020 an se dènye jou pou yo fè demand pwolonjman tan pou deklarasyon taks federal 2019 yo a. Ekstansyon an bay kontribyab yo gabèl ale jouk 15 oktòb pou yo deklare, men kanta pou kòb taks yo dwe a, se 15 Jiyè ki dènye dat la.

Dat limit 15 Jiyè a jeneralman se pou tout kontribyab ki te swa deklare taks sou revni yo oubyen ki te dwe peye taks yo depi premye Avril 2020, men anvan 15 Jiyè 2020. Kontribyab yo ak pwofesyonèl taks yo dwe kontinye itilize opsyon elektronik. IRS ankouraje kontribyab taks yo pou fè deklarasyon elektwonik. Lè yo fè sa, kit se pou e-file kit se pou Deklarasyon Gratis IRS, sa diminye èrè nan deklarasyon taks yo, paske lojisyèl taks la fè kalkil yo, li mete dwèt sou èrè moun fè pi souvan yo, epi l p ap kite kontribyab taks yo rate okenn enfòmasyon. Fòmilè Aktif Deklarasyon Gratis yo la pou fè konnen genyen opsyon gratis pou tout moun.

Men kijan w ka jwenn yo pwolonje tan w genyen pou w deklare a

Kontribyab taks endividyèl ki bezwen plis tan toujou aprè 15 Jiyè ki se dènye jou pou yo deklare a ka soumèt yon demann pwolongasyon tan ale jouk nan 15 Oktòb; yo ka fè sa nan youn nan de fason sa yo:

Biznis ki bezwen plis delè pou deklare taks sou revni yo dwe ranpli Fòmilè 7004, Aplikasyon pou Pwolonjman Otomatik Tan Pou Deklare Taks sou Revni, Enfòmasyon ak Lòt Deklarasyon Deseri Biznis (an anglè).

Asistans nan IRS.gov

Kontribyab taks yo ka jwenn repons anpil nan kesyon yo genyen si yo itilize Asistan Entèraktif pou taks (ITA) (an anglè), yon resous legal sou taks ki travay sou fòm kesyon ak repons. IRS.gov gen repons pou Kesyon Moun Poze Souvan Yo (an anglè). Sitwèb IRS la gen enfòmasyon sou taks nan lang: Panyòl (español); Chinwa (中文); Koreyen (한국어); Ris (Pусский); Vyetnamyen (Tyng Việt); epi tou Kreyòl ayisyen. Ale sou IRS.gov/payments pou opsyon pèman elektwonik.