IRS bay viktim gwo dife ki ravaje Oregon an asistans pou enpo; delè 15 oktòb la, lòt dat yo pwolonje pou 15 janvye

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2020-215, 17 septanm 2020

WASHINGTON – Kounye a, viktim gwo dife ak gwo van ki te ravaje Oregon an ki te komanse 7 septanm nan gen jiska 15 janvye 2021 pou ranpli plizyè deklarasyon enpo pou patikilye ak pou biznis epi peye enpo yo, selon sa Sèvis Revni Entèn te anonse jodi a.

IRS bay asistans sa a nan tout zòn Ajans Federal pou Jesyon Ijans (FEMA) deziyen kòm kalifye pou resevwa asistans endividyèl. Aktyèlman sa a gen ladan rejyon Clackamas, Douglas, Jackson, Klamath, Lane, Lincoln, Linn ak Marion nan leta Oregon men, kontribyab nan lokalite yo ajoute annapre nan zòn Dezas yo ap resevwa otomatikman menm asistans pou deklarasyon ak pèman. Lis aktyèl lokalite ki kalifye yo toujou disponib sou paj Diminisyon Taks nan Moman Dezas sou sit IRS.gov.

Nan kad asistans pou enpo a, plizyè deklarasyon enpo ak delè pèman ki te rive apati 7 septanm 2020 an, te ranvwaye. Kidonk, patikilye ak biznis ki afekte yo ap gen jiska 15 janvye 2021 pou yo ranpli deklarasyon yo epi peye tout enpo ki te dwe peye pandan peryòd sa a. Sa vle di, patikilye ki te gen yon ekstansyon valid pou ranpli deklarasyon enpo 2019 yo akoz ekspirasyon 15 oktòb 2020 an, genyen kounye a jiska 15 janvye 2021 pou fè sa. Sepandan, IRS ap fè konnen pliske pèman enpo ki gen rapò ak deklarasyon 2019 sa yo te dwe fèt 15 jiyè 2020 an, yo pa kalifye pou asistans sa a.

Delè 15 janvye 2021 an aplike tou pou pèman enpo sou revni yo fè estimasyon chak trimès la ki te dwe fèt 15 septanm 2020 an, ak pou pewòl chak trimès ak deklarasyon enpo pou pwodwi k ap vann yo oubyen sèvis ki te dwe fèt nòmalman 2 novanm 2020 an. Li aplike tou pou òganizasyon ki pa peye enpo yo, k ap opere sou yon baz ane sivil, ki te gen yon pwolonjman delè valid akoz ekspirasyon 16 novanm 2020 an. Biznis ki gen pwolonjman delè yo gen yon delè adisyonèl tou, pami lòt, sosyete ane sivil yo ki gen delè ane 2019 yo ki ekspire 15 oktòb 2020 an.

Anplis de sa, y ap redwi penalite sou pewòl ak depo enpo pou pwodwi k ap vann oubyen sèvis ki te dwe fèt nan dat 7 septanm oswa annapre epi anvan 22 septanm ak kondisyon depo yo te fèt anvan oswa nan dat 22 septanm 2020.

Paj Asistans pou Dezas IRS (an anglè) la gen detay sou lòt deklarasyon, pèman ak aksyon ki gen rapò ak enpo yo ki kalifye pou pwolonjman delè a.

Otomatikman, IRS la bay tout kontribyab ki nan zòn dezas la ki anrejistre nan IRS la asistans pou tout deklarasyon ak penalite. Kidonk, kontribyab yo pa bezwen kontakte ajans lan pou yo jwenn asistans sa a. Sepandan, si yon kontribyab ki konsène resevwa yon avi penalite poutèt yon depo oswa yon pèman anreta nan men IRS, men premye delè oswa pwolonjman yo te ba li pou li te fè deklarasyon an, depo a oswa pèman an tonbe nan peryòd rapò a, li ta dwe rele nimewo ki sou avi a pou yo ka redwi penalite a pou li.

Mete sou sa, IRS ap travay ak tout kontribyab ki p ap viv nan zòn dezas la men ki gen dosye ki nesesè pou delè yo respekte pandan moman pwolonjman an ki afekte nan zòn dezas la. Kontribyab ki kalifye pou asistans lan ki p ap viv nan zòn dezas la dwe kontakte IRS nan 866-562-5227. Sa a gen ladan tou travayè k ap sipòte aktivite asistans yo epi ki afilye ak yon gouvènman yo rekonèt oswa yon òganizasyon k ap fè byen.

Patikilye ak biznis ki nan yon zòn leta deklare zòn dezas ki soufri pèt akoz dezas la ki pa t gen asirans oswa ki pa t ranbouse, ka chwazi pou reklame yo swa nan deklarasyon pou ane lè pèt la fèt la (nan ka sa a, y ap depoze ranbousman 2020 an nòmalman ane pwochèn), oswa nan deklarasyon pou ane anvan an (2019). Rasire w ou ekri nimewo deklarasyon FEMA a – 4562 − pou dife ki te ravaje Oregon an nan tout deklarasyon pou reklame pèt ou fè yo. Konsilte Piblikasyon 547 (an anglè) pou detay.

Pou dega gwo dife a ak gwo van an te fè, asistans pou enpo a se youn nan repons kowòdone leta bay ki chita sou evalyasyon dega nan zòn nan FEMA te fè. Pou enfòmasyon sou repriz aktivite yo apre dezas la, vizite disasterassistance.gov (an anglè).