IRS bay viktim siklòn Delta yo asistans pou enpo; delè 15 oktòb la, lòt dat yo pwolonje pou 15 janvye yo

IR-2020-236, 19 oktòb 2020

WASHINGTON – Kounye a, viktim nan siklòn Delta a ki te kòmanse 6 oktòb la gen jiska 16 fevriye 2021 pou ranpli plizyè deklarasyon enpo pou patikilye ak pou biznis epi peye enpo yo, selon sa Sèvis Revni Entèn te anonse jodi a.

IRS bay asistans sa a nan tout zòn Ajans Federal pou Jesyon Ijans (FEMA) la deziyen kòm kalifye pou resevwa asistans endividyèl la. Aktyèlman sa a gen ladan li distri Acadia, Calcasieu, Cameron, Jefferson Davis ak Vermilion nan leta Louisiana ; men, kontribyab nan lokalite ki kalifye pou asistans endividyèl la yo ajoute annapre nan zòn dezas la, lòt kote nan eta a epi nan eta ki tou pre yo, ap resevwa otomatikman menm asistans pou deklarasyon ak pèman. Lis aktyèl lokalite ki kalifye yo toujou disponib sou paj Asistans nan moman Dezas sou sit IRS.gov.

Nan kad asistans pou enpo a, plizyè delè deklarasyon taks ak pèman ki te rive apati 6 oktòb 2020 an, te ranvwaye. Kidonk, moun ak biznis ki afekte yo ap gen jiska 16 fevriye 2021 pou yo fè deklarasyon ak pèman tout taks ki te gen pou fèt pandan peryòd sa a.

Sa vle di moun ki te gen yon ekstansyon valid pou te fè deklarasyon enpo 2019 yo akoz ekspirasyon 15 oktòb 2020 an, kounye a gen jiska 16 fevriye 2021 pou fè sa. Pou tout lokalite sa yo Siklòn Laura te frape, sa vle di tou yon pwolonjman anplis dat limit 31 Desanm nan yo te anonse nan mwa Out. Sepandan, IRS ap fè konnen pou tout pèman enpo ki gen rapò ak deklarasyon 2019 sa yo ki te dwe fèt 15 jiyè 2020 an, yo pa kalifye pou asistans sa a.

Delè 16 fevriye 2021 an aplike tou pou pèman enpo sou revni yo fè estimasyon chak trimès la, ki dwe fèt 15 janvye 2021 an epi pewòl chak trimès ak deklarasyon enpo sou pwodwi k ap vann oubyen sèvis ki dwe fèt nòmalman 2 novanm 2020 epi 1 fevriye 2021 an. Li aplike tou pou òganizasyon ki pa peye enpo yo, k ap opere sou yon baz ane sivil, ki te gen yon pwolonjman delè valid k ap ekspire 16 novanm 2020 an. Biznis ki gen pwolonjman delè yo gen yon delè adisyonèl tou, an patikilye sosyete ane sivil yo ki gen delè ane 2019 yo ki ekspire 15 oktòb 2020 an.

Anplis de sa, y ap redwi penalite sou pewòl ak depo enpo pou pwodwi k ap vann oubyen sèvis ki dwe fèt nan dat 6 oktòb oswa annapre epi anvan 21 oktòb ak kondisyon depo yo te fèt anvan oswa nan dat 21 oktòb 2020.

Paj Asistans nan moman Dezas IRS (an anglè) la gen detay sou lòt deklarasyon, pèman ak aksyon ki gen rapò ak enpo yo ki kalifye pou pwolonjman delè a.

Otomatikman, IRS la bay tout kontribyab ki nan zòn dezas la ki anrejistre nan IRS asistans pou tout enpo ak penalite. Kidonk, kontribyab yo pa bezwen kontakte ajans lan pou yo jwenn èd sa a. Sepandan, si yon kontribyab ki konsène resevwa yon avi penalite poutèt yon depo oswa yon pèman anreta nan men IRS men premye delè oswa pwolonjman yo te ba li pou li te fè deklarasyon an, depo a oswa pèman an tonbe nan peryòd rapò a, li ta dwe rele nimewo ki sou avi a pou yo ka redwi penalite a pou li.

Mete sou sa, IRS ap travay ak tout kontribyab ki p ap viv nan zòn dezas la men ki gen dosye ki nesesè pou delè yo respekte pandan moman pwolonjman an ki afekte nan zòn dezas la. Kontribyab ki kalifye pou èd la ki p ap viv nan zòn dezas la dwe kontakte IRS nan 866-562-5227. Sa gen ladan li tou travayè k ap sipòte aktivite asistans yo epi ki afilye ak yon gouvènman yo rekonèt oswa yon òganizasyon k ap fè byen.

Patikilye ak biznis ki nan yon zòn leta deklare zòn dezas, ki soufri pèt akoz dezas la, ki pa t gen asirans oswa yo pa t ranbouse, ka chwazi pou reklame yo swa nan deklarasyon pou ane lè pèt la te fèt la (nan ka sa a, y ap depoze deklarasyon 2020 an nòmalman ane pwochèn), oswa nan deklarasyon pou ane anvan an (2019) Rasire w ou ekri nimewo deklarasyon FEMA a – 4570 − pou siklòn Delta nan Louisiana nan tout deklarasyon pou reklame pèt ou fè yo. Konsilte Piblikasyon 547 (an anglè) pou detay.

Pou dega siklòn Delta fè yo, asistans pou enpo a se youn nan repons kowòdone leta bay ki chita sou evalyasyon dega nan zòn nan FEMA te fè. Pou enfòmasyon sou repriz aktivite yo apre dezas la, vizite disasterassistance.gov (an anglè).