IRS mete aksan sou kredi anplwayè yo pou biznis pandan Semèn ti Antrepriz la

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2020-221, 24 Septanm 2020

WASHINGTON — Pandan Semèn ti Antrepriz la (an anglè), Sèvis Revni Entèn lan raple pwopriyetè biznis ak travayè endepandan yo de kredi pou anplwayè ki disponib pou yo pandan COVID-19 la.

Kredi sa yo te kreye espesyalman pou ede pwopriyetè ti biznis yo pandan tan san parèy sa a. Pandan Semèn Ti Antrepriz la, IRS vle asire tout moun ki kalifye yo konnen ki soulajman kredi sa yo bay.

Kredi pou fidelite anplwaye yo

Kredi pou fidelite anplwaye yo fèt pou ankouraje biznis yo kenbe anplwaye yo sou pewòl yo. Kredi taks ranbousab la se 50% jiska 10,000 dola nan salè ki peye pa yon patwon ki kalifye ki gen biznis li COVID-19 te afekte finansyèman.

Kredi a disponib pou tout anplwayè kèlkeswa gwosè biznis la, ki gen ladan òganizasyon ki pa peye taks yo tou. Gen sèlman 2 esepsyon: Gouvènman leta ak lokal yo ak tout enstriman yo ak ti biznis ki pran prè pou ti biznis yo.

Anplwayè ki kalifye yo dwe tonbe nan youn nan de kategori yo

  1. Biznis patwon an sispann travay totalman oswa pasyèlman sou lòd gouvènman an akòz COVID-19 pandan peryòd twa (3) mwa a.
  2. Fakti an gwo anplwayè a pi ba 50% konparativman ak trimès sa a nan lane 2019. Depi fakti an gwo patwon an ale pi wo pase 80% konparativman ak menm trimès la nan lane 2019, yo pa kalifye ankò apre fen trimès sa a.

Patwon yo ap kalkile mezi sa yo chak trimès.

Kredi sou konje maladi ki peye ak Kredi sou konje fanmi

Kredi sou konje maladi ki peye fèt pou pèmèt biznis yo jwenn yon kredi pou yon anplwaye ki pa kapab travay (ki gen ladan teletravay) akoz karantèn pandan kowonaviris la, karantèn pèsonèl oswa ki gen sentòm kowonaviris yo epi k ap chèche yon dyagnostik medikal. Anplwaye sa yo gen dwa ak konje maladi peye jiska 10 jou (jiska 80 èdtan) selon pousantaj regilye pèman anplwaye a jiska 511 dola pou chak jou epi 5 110 dola an total.

Patwon an kapab resevwa kredi a tou pou anplwaye ki pa kapab travay akòz l ap pran swen yon moun ki gen kowonaviris oswa k ap pran swen yon timoun paske lekòl timoun nan oswa kote yo konn pran swen timoun nan fèmen, oswa moun yo peye pou pran swen timoun nan pa disponib akoz Kowonaviris la. Anplwaye sa yo gen dwa ak konje maladi peye jiska 2 semèn (jiska 80 èdtan) selon 2/3 pousantaj regilye pèman an jiska 200 dola pou chak jou epi 2 000 dola an total.

Anplwaye sa yo gen dwa tou ak konje fanmi peye ak konje medikal ki egal ak 2/3 pousantaj regilye pèman an jiska 200 dola pou chak jou epi 10 000 dola an total. Jiska 10 semèn konje kalifye ka konte nan Kredi Konje Fanmi an.

Yo ka imedyatman ranbouse anplwayè yo pou kredi a pandan y ap diminye depo yo mande nan taks pewòl yo te kenbe nan salè anplwaye yo pa kantite lajan an nan kredi a.

Anplwayè ki kalifye yo gen dwa imedyatman resevwa yon kredi pou tout kantite tan konje maladi ki nesesè ak konje fanmi an, plis depans plan sante ki gen rapò ak pati anplwayè a nan taks Medicare sou konje a, pou peryòd soti 1ye avril 2020 jiska 31 desanm 2020. Yo aplike kredi ki ranbousab la sou kèk taks sou salè travay yo peye tout anplwaye yo.

Kòman patwon yo ap resevwa kredi a?

Yo ka rapidman ranbouse patwon yo pou kredi a pandan y ap diminye depo yo mande yo nan taks pewòl yo te kenbe nan salè anplwaye yo, selon kantite lajan kredi a.

Anplwayè ki kalifye yo pral rapòte salè total ki kalifye yo ak depans asirans sante ki gen rapò ak chak trimès sou deklarasyon taks sou travay chak trimès yo oswa Fòm 941 apati dezyèm trimès la. Si depo taks travay patwon an pa sifi pou kouvri kredi a, patwon an ka resevwa yon pèman davans nan men IRS lè li soumèt Fòm 7200, Pèman Davans Kredi pou Patwon akòz COVID-19 (an anglè).

Patwon ki kalifye yo ka mande tou, yon avans nan kredi pou fidelite anplwaye yo. L ap soumèt Fòm 7200 (an anglè).

IRS poste tou Kesyon yo Souvan Poze sou Kredi pou Fidelite Anplwaye yo (an anglè) ak Kesyon yo Souvan Poze sou Konje Fanmi ak Konje Maladi ki Peye (an anglè) k ap ede reponn kesyon yo.

Mizajou nan mete sou pye Kredi pou Fidelite Anplwaye yo (an anglè) ak lòt enfòmasyon ka disponib sou paj Kowonaviris (an anglè) IRS.gov la.