IR-2025-37, 25 mas 2025
WASHINGTON — Kòm fen sezon enpo la ap apwoche, Sèvis Revni Entèn raple kontribyab yo ke IRS Free File se yon fason rapid ak fasil pou ranpli deklarasyon enpo federal gratis.
IRS Free File pèmèt kontribyab ki kalifye yo jwenn preparasyon enpo gratis, ranpli elektwonik gratis ak depo dirèk gratis ranbousman enpo federal, si yo te dwe resevwa sa, lè yo sèvi avèk lojisyèl preparasyon enpo gide ki disponib sèlman nan IRS.gov.
IRS Free File disponib pou kontribyab yo ak fanmi yo ki te gen $84 000 oswa mwens nan revni brit ajiste (AGI) pou ane 2024 la. AGI yon kontribyab gen ladan salè, poubwa, revni biznis, revni retrèt ak lòt fòm revni ki enpozab yo. Atravè yon patenarya piblik-prive ant IRS ak Free File Alliance (an anglè), founisè lojisyèl preparasyon ak deklarasyon enpo yo mete pwodwi sou entènèt ki disponib pou kontribyab ki elijib yo. Chak founisè fikse pwòp règ elijiblite pa li ki baze sou laj, rezidans eta a ak revni. IRS Free File pral gide kontribyab yo nan chwazi founisè ki bon pou bezwen yo.
Benefis ki genyen nan IRS Free File
- Sèvi ak IRS Free File ka ede kontribyab yo jwenn ak kalkile kredi enpo ki gen anpil valè tankou Kredi Enpo sou Revni w Touche, Kredi Enpo pou Timoun ak Kredi pou Swen Timoun ak Depandan.
- Nenpòt moun oswa koup marye ki satisfè limit revni yo kapab elijib, epi IRS Free File kapab tou jere deklarasyon enpo konplèks.
- Konpayi patnè IRS Free File yo pa kapab divilge oswa sèvi ak enfòmasyon sou deklarasyon enpo pou lòt rezon ke preparasyon deklarasyon enpo san konsantman enfòme ak volontè kontribyab la.
- Kontribyab yo ka sèvi ak IRS Free File pou ranpli enpo yo sou nenpòt òdinatè pèsonèl, tablèt oswa telefòn entelijan.
- Tout pwodwi yo disponib nan lang Anglè, e gen yon pwodwi enpo gide ki disponib an Panyòl.
Fason ki fasil pou ranpli yon pwolongasyon
Bezwen plis tan pou ranpli? IRS Free File se youn nan fason ki pi fasil pou mande yon pwolongasyon. Yon pwolongasyon pou ranpli enpo garanti kontribyab la sis mwa anplis pou l ranpli, ak yon dat limit pwolonje jiiska 15 oktòb.
Malgre ke yon pwolongasyon bay tan anplis pou ranpli, li pa bay kontribyab la tan anplis pou peye si li dwe. Kontribyab yo toujou oblije peye enpo ki dwe nan dat 15 avril 2025, pou evite penalite ak enterè. Kontribyab ki dwe yo ta dwe swa peye tout bòdwo enpo yo a oswa omwen peye sa yo kapab peye nan dat limit 15 avril la.
Lòt opsyon pou ranpli enpo gratis
Anplis IRS Free File, IRS raple kontribyab yo ke gen lòt pwogram gratis ki disponib pou ede:
Free File fòm ki ka ranpli yo. Tout kontribiyab yo, kèlkeswa revni yo ka sevi ak IRS Free File Fòm ki ka Ranpli yo (an anglè). Sa yo se vèsyon elektwonik fòm papye IRS epi yo pi bon pou moun ki konfòtab pou prepare pwòp enpo yo lè yo sèvi avèk fòm ak enstriksyon IRS yo.
Direct File. Kontribyab yo ki te viv e ki te travay nan youn nan 25 eta k ap patisipe yo pandan tout ane 2024 la ka sèvi ak IRS Direct File pou ranpli deklarasyon enpo federal sou entènèt—gratis—dirèkteman epi an sekirite avèk IRS. Ale nan IRS Direct File (an anglè) pou jwenn plis enfòmasyon, tankou kondisyon elijiblite ak mizajou nan lis sitiyasyon enpo yo ajoute nan IRS Direct File pou ane enpo 2024 la.
VITA ak TCE. Moun ki jeneralman fè $67 000 oswa mwens, moun ki enfim, kontribiyab ki limite nan pale lang anglè ak moun ki gen 60 an oswa plis, ka jwenn èd gratis pou prepare enpo yon fason pèsonalize, atravè nasyon an, pa mwayen pwogram Asistans Volontè Enpo sou Revni (VITA) ak Konsèy Enpo pou Moun Aje (TCE). Sit VITA/TCE yo se patnè IRS ki opere yo grasa volontè ki sètifye ki se sous moun ka fè konfyans pou prepare deklarasyon enpo yo.
MilTax. Ofri atravè Depatman Defans lan, MilTax (an anglè) se yon resous enpo gratis ki disponib pou manm sèvis militè, ansanm ak veteran ki kalifye ak manm fanmi yo. Li se yon seri sèvis enpo ki fèt pou adrese reyalite lavi militè yo—ki gen ladan l deplwaman, konba ak peman fòmasyon, lojman ak lokasyon, ak deklarasyon milti-eta. MilTax gen ladann l preparasyon enpo ak lojisyèl ranpli elektwonik, sipò pèsonalize nan men konsiltan enpo ak enfòmasyon aktyèl sou ranpli enpo. Kontribyab ki elijib yo ka sèvi ak MilTax pou ranpli elektwonikman yon deklarasyon enpo federal ak jiska twa deklarasyon leta gratis.
Pou jwenn plis enfòmasyon sou IRS Free File oswa lòt metòd pou ranpli, tcheke paj Ranpli Deklarasyon ou sou IRS.gov.