IRS Ogmante Resous Ak Sèvis Plizyè Lang

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsey taks IRS 2020-125, 24, Sektanm, 2020

Se objektif IRS pou l ede tout kontribyab yo, kèlkeswa kote yo rete, kote yo soti oswa  lang yo pale. Kòm yon pati nan efò sa a, IRS ap elaji enfòmasyon ak asistans ki disponib pou kontribyab yo nan lòt lang.

Pou pwemye fwa, Fòm 1040 2020 an, Deklarasyon sitwayen Etazini sou Revni tax Endividyèl yo ap disponib an Panyòl. Li pral pèmèt tou kontribyab yo endike si yo vle pou yo kontakte yo nan yon lot lang ki pa angle. Sa a se yon karakteristik nouvo ki disponib nan sezon tax sa a kap vini an.

Men kèk lòt chanjman ki fè pati inisyativ plizyè lang lan.

Ajans lan ap tou mete enfòmasyon sou sèvis tradiksyon ak opsyon plizyè lot lang nan kèk avi kontribyab yo. Anplis de sa, ajans lan ap kontinye ogmante kontak plizyè lang sou Instagram, Twitter ak lòt platfòm medya sosyal yo (an anglè).

Pou plis enfòmasyon sou èd taks nan lòt lang yo, vizite IRS.gov.

Abòne ak Konsè pou Taks IRS (an anglè)