Bagay enpòtan tout moun k ap mande pwolongasyon dwe konnen

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy IRS sou Taks 2020-106, 20 Dawou, 2020

15 Oktòb prèske rive. Se dènye jou pou pi fò moun ki te mande plis delè pou deklare taks ane 2019 la soumèt aplikasyon yo. Kontribyab taks sa yo ka deklare nenpòt lè anvan jou Jedi 15 Oktòb la, si yo genyen tout dokiman taks obligatwa yo. Yo ka tou peye yon pati oswa tout kòb taks yo a nèt sou IRS.gov.

Men kèk bagay kle pou deklaran ki te mande delè yo sonje.

Itilize Deklarasyon Gratis IRS la. Prèske nenpòt ki moun ka e-file deklarasyon taks yo gratis si yo ale nan Deklare bay IRS gratis. Pwogram nan disponib soou IRS.gov depi koulye a ale 15 Oktòb. Itilize E-file se yon bagay ki fasil, san danje epi ki pi egzat pou moun deklare taks yo.

Soumèt dosye pou w jwenn yon ranbousman. Nenpòt moun ki merite ranbousman dwe deklare taks yo pi vit yo kapab epi itilize depo dirèk (an anglè) pou yo ka jwenn ranbousman yo an depoze sou fòm elektwonik gratis nan bank yo pou yo. Pa gen amann moun ki dekare an reta yo ap peye si yo gen pou yo jwenn ranbousman.

Peye balans taks ou pi vit ou kapab.Dènye jou pou w te peye taks sou revni 2019 la se te 15 Jiyè 2020. Kontribyab taks yo ka tcheke balans kont yo osinon gade opsyon pèman yo sou entènèt. Sa ki dwe yo epi ki pa ka peye tout balans yo dwe a ta dwe peye mezi yo kapab pou yo ka redui kòb enterè ak amann k ap vini akòz pèman an reta. Peye taks ou sou entènèt la gratis; sèvi ak yon kont kouran oswa epay epi ale nan Peye IRS Dirèk.

Soumèt deklarasyon w nan dènye jou a oubyen avan sa pou w ka evite peye amann ak enterè. Kontribyab taks yo dwe deklare pa pita pase jou Jedi 15 Oktòb l2020 an pou yo pa peye amann poutèt yo pat gentan deklare.

Kisa kontribyab taks yo dwe fè si dènye jou a bare yo. Nenpòt moun ki te kite dènye jou ki te 15 jiyè a pase san l pat mande delè dwe deklare epi peye pi vit li kapab. Sa ap anpeche enterè ak amann plede monte sou do w.

Plis tan pou lame a. Manm kò lame ak lòt yo (an anglè) ki ap sèvi nan zòn konba (an anglè) gen plis tan pou yo deklare. Kontribyab taks sa yo genyen an prensip 180 jou pou pi piti aprè yo kite chan batay yo pou yo fè deklarasyon taks yo epi peye depi se kòb taks yo dwe.

Abòne ak Konsèy Taks IRS (an anglè)