Pwoteksyon kont vòl idantite pou kontribyab yo nan sis (6) etap

Konsèy sou taks pou COVID 2021-77, May 1, 2021

Anakè yo toujou ap travay pou yo vòlè enfòmasyon ak idantite kontribyab yo. Tout moun ta dwe fè tout sa yo kapab pou anpeche vòl idantite.
 
Vòl idantite ki gen rapò ak enpo a fèt lè yon moun itilize enfòmasyon pèsonèl yon kontribyab li vòlè, tankou nimewo Sekirite Sosyal, pou l fè yon deklarasyon enpo pou li reklame yon fo ranbousman.

IRS la ak patnè li yo ap travay anpil pou yo anpeche kalite krim sa yo, epi kontribayb yo ka jwe patisyon pa yo pandan y ap estope vòl idantite.

Men kèk konsèy pou ede kontribyab yo pwoteje tèt yo kont vòl idantite. Kontribyab yo ta dwe:

  • Toujou itilize lojisyèl sekirite yo. Lojisyèl sa ta dwe genyen pafe (firewall) ak pwoteksyon antiviris.
     
  • Itilize modpas ki fò, ki inik. Yo ta dwe panse itilize yon jesyonè modpas (password manager).
     
  • Aprann rekonèt epi evite imèl amsonaj yo, apèl menasan yo ak tèks nan men anakè yo. Anakè sa yo parèt tankou òganizasyon legal tankou bank, konpayi kat kredi, epi menm IRS.
     
  • Pa klike sou lyen nan imèl ki pa solisite oswa mesaj yon enkoni voye. Moun yo pa ta dwe klike sou lyen yo oswa telechaje atachman ki nan imèl ki sanble sispèk yo, menmsi yo parèt soti nan men moun ou konnen.
     
  • Pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou ak pa tout depandan yo. Parekzanp, moun yo pa ta dwe pran abitid mache ak kat Sekirite Sosyal yo. Yo ta dwe rasire yo tou si dosye fiskal yo an sekirite.
     
  • Jwenn yon PIN (Personal Identification Number - Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl) pou Pwoteksyon Idantite. PIN pou Pwoteksyon Idantite a se yon kòd sis (6) chif sèlman kontribyab la ak IRS konnen pou ede anpeche vòlè idantite yo itilize enfòmasyon pèsonèl ki idantifye yon kontribyab fè deklarasyon enpo fwod.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)