Kòman kontribyab yo kapab verifye estati ranbousman taks federal yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-60, 19 avril 2022

Depi yon kontribyab fin fè deklarasyon taks li, li bezwen konnen kilè l ap resevwa ranbousman an. Pi bon mwayen pou verifye yon ranbousman taks se avèk zouti Kote Ranbousman Mwen an? sou IRS.gov. Kontribyab yo kapab kòmanse verifye estati ranbousman yo nan 24 è apre IRS la fè konnen li resevwa deklarasyon pa vwa elektwonik kontribyab la fè a. Zouti a bay yon dat ranbousman pèsonlaize tou apre deklarasyon fin trete epi ranbousman an apwouve.

Kontribyab yo kapab ale sou zouti Kote Ranbousman Mwen an nan 2 fason:

Pou itilize zouti a, kontribyab yo ap bezwen:

  • Nimewo Sekirite Sosyal yo oswa nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl yo
  • Kondisyon fiskal
  • Montan ekzat ranbousman yo reklame nan deklarasyon taks yo a

Zouti a montre pwogrè a an twa faz:

  • Deklarasyon resevwa
  • Ranbousman apwouve
  • Ranbousman ale

Lè estati a chanje pou l vin apwouve, sa vle di IRS ap prepare pou l voye ranbousman an antanke yon depo dirèk sou kont labank kontribyab la oswa dirèk bay kontribyan la pa lapòs, nan chèk, nan adrès ki nan deklarasyon taks li a.

IRS aktyalize zouti Kote Ranbousman Mwen an? yon fwa nan jounen an, dabitid lannwit, kidonk, kontribyab yo pa bezwen verifye estati a pi souvan.

Kontribyab yo ap bay tan pou bank koperativ kredi yo a afiche ranbousman an sou kont yo oswa pou yo voye li pa lapòs. Rele IRS la pap fè w jwenn yon ranbousman taks pi rapid. Menm enfòmasyon ki disponib sou Kote Ranbousman Mwen an? se li asistan telefonik IRS yo genyen.

Plis enfòmasyon:

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)