Kòman moun ka rekipere dosye ki pèdi nan yon katastwòf natirèl

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy sou taks IRS 2020-127, 28 septanm 2020

Rekipere dosye apre yon katastwòf enpòtan pou plizyè rezon ki gen ladan li ranbousman asirans ak enpo. Sa ki pi enpòtan ankò, dosye yo ka ede moun yo pwouve pèt yo fè akòz katastwòf la. Yon estimasyon ekzat pèt yo ka ede moun yo jwenn plis asistans pou yo jwenn prè ak rediksyon pou yo kapab rekanpe.

Menm si se byen pèsonèl oswa yon biznis yo pèdi oswa ki detwi, men kèk etap k ap ede moun yo rekipere dosye ki enpòtan yo.

Dosye Enpo yo

  • Jwenn transkripsyon deklarasyon enpo gratis imedyatman avèk JwennTranskripsyon sou sit IRS.gov.
  • Rele 800-908-9946 epi swiv enstriksyon yo pou fè kòmand transkripsyon yo.

Eta finansye

Moun yo kapab jwenn ansyen relve yo apati de kat kredi konpayi yo a oswa bank yo a. Dosye sa yo kapab disponib anliy. Moun yo kapab kontakte bank yo a tou pou yo jwenn kopi relve sa yo.

Dosye pwopriyete yo

  • Pou w jwenn dosye ki gen rapò ak yon pwopriyete, pwopriyetè ka kontakte sosyete tit yo, sosyete tyès yo oswa bank ki te ede yo achte kay la oswa lòt pwopriyete.
  • Kontribyab ki fè yon chanjman nan kay yo ka kontakte moun ki fè travay sa yo pou mande yo yon atestasyon ki verifye travay la epi kòb travay yo te koute. Yo ka jwenn tou yon deklarasyon ekri nan men zanmi yo oswa fanmi yo ki te wè kay la anvan epi apre chanjman yo.
  • Pou pwopriyete yo eritye, kontribyab yo kapab tcheke dosye lajistis yo pou ratifikasyon. Si te gen yon testaman oswa yon eritaj, kontribyab yo ka kontakte avoka ki te responsab testaman an.
  • Lè pa genyen pyès dosye ki disponiib, moun yo ta dwe ale nan biwo notè rejyon an pou verifye si pa t genyen kèk dosye ki ta bay valè pwopriyete a.
  • Pwopriyetè machin yo ka chèche valè majorite machin genyen sou mache aktyèl la. Resous yo disponib anliy epi nan pifò bibliyotèk yo. Sa gen ladan Kelley's Blue Book (Liv Ble Kelley a), National Automobile Dealers Association (Asosyasyon Nasyonal Konsesyonè Otomobil) ak Edmunds.

Plis enfòmasyon: