Men sa pou w konnen sou fwod taks pou w ka evite yo - YouTube video text script

Vòlè yo toujou ap travay pou vòlè idantite moun ak done pèsonèl yo pou yo ka sèvi ak li pou yo soumèt deklarasyon taks ki fwod epi reklame lajan ranbousman ki pa pou yo. Vòlè tou imite IRS jis pou vòlè lajan taks kontribyab yo.

Sonje tcheke irs.gov/scams pou jwenn plis enfòmasyon ak konsèy sou fason pou evite magouyè yo.

Men kèk bagay ou ta dwe konnen pou ou pa tonbe viktim nan fwod sa yo.

Premyèman, IRS pa pral kòmanse kontakte w pa imel oswa sou medya sosyal pou mande enfòmasyon pèsonèl oswa finansye.

Dezyèmman, IRS pa voye tèks ki gen lyen pou reklame yon ranbousman oswa tèks ki mande peman

Twazyèmman, prete atansyon a fo imèl, medya sosyal oswa sit entènèt ki pretann yo se IRS oswa ofisyèl IRS espesyalman kote yon moun di ou gen yon penalite oswa yon frè obligatwa pou ou peye pou ka resevwa bagay tankou envestisman dividann, yon travay, oswa lajan ou genyen nan lotri.

Katriyèmman, fo apel telefòn ki imite IRS souvan menase kontribyab yo ak bagay tankou arestasyon ak depòtasyon. Sonje, IRS pa kite mesaj pre-anrejistre, ijan oswa mesaj menasan ni pou mande yon peman imedya pa kat kado.

Finalman, sonje IRS inisye pifò kontak atravè lapòs regilye ke Sèvis Postal Ameriken an delivre.

Sepandan, gen kèk fwa IRS ka rele oswa vini nan yon kay oswa biznis. Menm lè sa a, ou jeneralman resevwa plizyè lèt nan men IRS avan pa lapòs.

Si w kwè ke yon magouyè te kontakte w, vizite IRS.gov/scams (an anglè) pou jwenn detay sou fason pou rapòte yo.