Men kisa yon deklarasyon katastwòf vle di pou kontribyab yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-83, 31 me 2022

Anvan pou IRS la otorize alèjman fiskal pou viktim katastwòf yo, Ajans Federal pou Jesyon Ijans lan dwe bay yon deklarasyon katastwòf. Jeneralman, IRS la ap otorize alèjman fiskal pou katastwòf pou tout zòn yo idantifye nan yon deklarasyon katastwòf si FEMA (Federal Emergency Management Agency, Ajans Federal pou Jesyon Ijans) idantifye omwen yon zòn ki kalifye pou pwogram Asistans Endividyèl yo a.

Men kèk bagay ki an rapò ak taks ki konn rive souvan apre yon katastwòf:

IRS la bay kontribyab yo plis tan pou yo deklare ak peye. Kontribyab ki gen adrès dosye ki nan yon zòn ki kalifye pou alèjman fiskal pou katastwòf IRS la ap resevwa plis tan nan men IRS la otomatikman pou yo fè deklarasyon yo ak peye taks yo. Paj asistans pou katastwòf (an anglè) IRS la bay mizajou ki gen rapò ak katastwòf yo ak lyen pou resous yo. Dabitid, enfòmasyon yo disponib sou kont Twitè IRS la (an anglè) tou. Kontribyab yo kapab rele liy asistans pou katastwòf ajans lan tou nan 866-532-5227 pou kesyon yo.

Kontribyab yo kapab kalifye pou yon dediksyon taks sou pèt pa aksidan. Moun ki genyen pwopriyete ki andomaje oswa pèdi akoz yon katastwòf gouvènman federal deklare ka kalifye pou reklame yon dediksyon pou pèt pa aksidan. Yo kapab reklame li nan aktyèl deklarasyon taks yo a oswa nan sa ane pase a. Sa ka bay yon pi gwo ranbousman.

Moun yo kapab aplike pou yon prè oswa sibvansyon nan ka katastwòf. Administrasyon Ti Antrepriz la ofri èd finansye pou pwopriyetè ti biznis yo, pwopriyetè kay yo, ak lokatè yo. Èd sa se pou sila yo ki nan yon zòn katastwòf gouvènman federal deklare. Pou yo kalifye, fòk kontribyab yo te soumèt tout deklarasyon taks yo ekzije pou soumèt yo.

Kontribyab yo ka bezwen yon relve deklarasyon taks. Moun ki bezwen yon relve taks pou akonpaye ak reklamasyon pou katastwòf yo kapab jwenn relve gratis lè yo itilize Resevwa Transkripsyon pou yo gen aksè a transkripsyon yo anliy touswit oswa pou yo mande livrezon pa lapòs. Epi tou, yo kapab rele 800-908-9946 pou yo mande livrezon pa lapòs oswa soumèt Fòm 4506-T, Demann pou Relve Deklarasyon Taks (an anglè).

Moun ki bezwen yon kopi deklarasyon taks yo ta dwe soumèt Fòm 4506, Demann pou Kopi Deklarasyon Taks (an anglè). IRS retire frè yo abitye peye yo epi akselere demann pou kopi deklarasyon taks yo pou moun ki bezwen yo pou yo aplike pou avantaj ki an rapò ak katastwòf yo oswa pou yo soumèt deklarasyon amande pou yo deklare pèt ki an rapò ak katastwòf la. Si kontribyab la ap soumèt Fòm 4506-T oswa 4506 yo, li ta dwe mansyone sou fòm nan, demann nan an rapò ak katastwòf la epi mete eta a ak ki evènman. Sa ap ede pwosesis la ale pi vit.

Moun ki demenaje dwe soumèt yon chanjman adrès. Apre yon katastwòf, moun yo ka bezwen demenaje pandan yon moman. Sila yo ki demanje yo dwe soumèt Fòm 8822, Chanjman Adrès (an anglè) pou yo fè IRS la konnen nouvo adrès (an anglè) la.

IRS la ankouraje tout kontribyab ki konsène yo pou yo gade tout alèjman federal pou katastwòf la sou DisasterAssistance.gov (an anglè).

Plis enfòmasyon:

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)