Men kòman kontribyab yo kapab remonte dosye yo apre yon katastwòf natirèl

Konsèy sou Taks IRS 2021-125, 25 dawou 2021

Apre yon katastwòf natirèl, kontribyab yo bezwen dosye yo pou ede yo pwouve epi rekipere yo de pèt yo fè nan katastwòf la. Sa kapab pou taks, jwenn sipò nan pwogram asistans federal yo oswa pou reklame asirans.

Pandan pwopriyete biznis oswa pèsonèl te ka detwi, tout lespwa pa pèdi. Men kèk etap ki kapab ede moun yo rekonstwi dosye enpòtan yo.

Dosye fiskal

  • Itilize Jwenn Transkripsyon sou IRS.gov pou ou jwenn transkripsyon deklarasyon enpo gratis touswit.
  • Rele 800-908-9946 epi swiv endikasyon yo pou mande yon transkripsyon.

Eta finansye

Moun yo kapab rasanble eta finansye pase yo apati konpayi kat kredi yo oswa bank yo. Dosye sa yo ka disponib sou entènèt. Moun yo kapab kontakte bank yo tou pou yo jwenn kopi papye eta finansye sa yo.

Dosye pwopriyete

  • Pou jwenn dokiman ki gen rapò ak pwopriyete, pwopriyetè kay yo kapab kontakte konpayi tit la konpayi sekestre a, oswa bank ki te jere acha kay la oswa lòt pwopriyete.
  • Kontribyab ki te fè amelyorasyon nan kay yo kapab kontakte kontraktè ki te fè travay la epi mande eta finansye yo pou verifye travay la ak lajan li koute a. Yo kapab jwenn deskripsyon ekri zanmi ak fanmi ki te wè kay la fè, anvan ak apre amelyorasyon yo.
  • Pou pwopriyete eritye yo, kontribyab yo kapab verifye dosye tribinal yo pou yo konnen valè separe yo. Si gen yon eritye deja, kontribyab yo kapab kontakte avoka ki te kenbe fideyikomi an (trust).
  • Lè pa gen lòt dosye disponib, moun yo ta dwe verifye nan biwo evalyatè konte a pou ansyen dosye ki ka genyen valè pwopriyete a.
  • Pwopriyetè machin yo ka chèche valè machann aktyèl pou majorite machin yo. Resous yo disponib sou entènèt ak nan majorite bibliyotèk yo. Tankou Kelley’s Blue Book (Liv Ble Kelley a), Asosyasyon Nasyonal Konsesyonè Machin ak Edmunds.

Plis Enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)