Men kèk bagay ouvriye ti travay yo dwe konnen konsènan responsabilite fiskal yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-97, 27 Jen 2022

Anpil moun nan yon ti travay pou moso jounen oswa tout jounen, souvan atravè yon platfòm dijital tankou yon aplikasyon oswa yon sitwèb. Ti travay yo, tankou kondwi yon machin pou trajè yo rezève, vann pwodui sou entènèt, lokasyon pwopriyete, oswa bay lòt sèvis sou demann, gen taks sou yo e ouvriye a dwe deklare yo nan deklarasyon taks li.

Men kèk bagay ouvriye ti travay yo dwe konnen konsènan responsabilite fiskal yo

Ti travay yo gen taks sou yo:

  • Lajan ki rantre nan fè ti travay yo gen taks sou yo, menm si moun nan resevwa deklarasyon enfòmasyon ou pa. Ekzijans deklarasyon (an anglè) PDF pou depo Fòm 1099-K te chanje pou pèman yo te resevwa an 2022 ki an total depase 600 dola, kèlkeswa kantite total tranzaksyon an. Sa vle di kèk ouvriye nan ti travay yo ap resevwa kounyeya yon deklarasyon enfòmasyon. Sa ap konsa menm si travay la tout jounen oswa moso jounen.
  • Ouvriye ti travay yo ka gen ekzijans pou yo fè pèman estimasyon taks chak trimès.
  • Si se ak tèt yo y ap travay, ouvriye ti travay yo dwe peye tout taks Sekirite Sosyal yo ak Asirans Sante yo sou revni yo apati aktivite ti travay yo

Bon klasifikasyon ouvriye yo:

Pandan l ap bay sèvis nan ekonomi ti travay yo, li enpòtan pou kontribyab la byen klase.

  • Sa vle di biznis la, oswa platfòm nan, dwe detèmine si moun k ap bay sèvis yo se yon anplwaye oswa yon kontraktyèl endepandan.
  • Kontribyab yo kapab itilize paj klasifikasyon ouvriye a sou IRS.gov pou yo wè kòman yo dwe klase.
  • Kontraktyèl endepandan yo ka anmezi pou yo fè dediksyon depans biznis yo, toudepann de limit fiskal ak règleman yo. Li enpòtan pou kontribyab yo konsève dokiman depans biznis yo.

Peye bon montan taks yo pandan tout ane a:

  • Nòmalman, yon patwon fè prelèvman taks sou revni sou salè anplwaye li yo pou ede kouvri taks sou revni anplwaye li yo dwe.
  • Ouvriye ekonomi ti travay yo pa konsidere antanke anplwaye yo genyen de (2) fason yo kapab kouvri taks sou revni yo:
    • Soumèt yon nouvo Fòm W-4 bay anplwayè yo pou yo genyen plis prelèvman taks sou revni ki fèt sou salè yo si yo genyen yon lòt travay kote yo se anplwaye.
    • pèman estimasyon taks chak trimès pou ede peye taks sou revni yo pandan ane a, ansanm taks sou travay endepandan.

Sant Fiskal pou Ekonomi Ti Travay sou IRS.gov reponn kesyon yo epi ede kontribyab nan ekonomi ti travay yo konprann responsabilite fiskal yo.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)