Ou resevwa yon lèt oswa yon avi ki soti nan IRS? Men nouvo etap ou dwe swiv yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-141, 14 Septanm 2022

IRS la bezwen poze kesyon konsènan deklarasyon taks kontribyab la, mete yo okouran de yon chanjman ki fèt sou kont yo, oswa fè yo yon demann pèman, ajans lan souvan voye yon lèt oswa yon avi pa lapòs bay kontribyab la. Lè ou resevwa yon kourye ki sòti nan IRS la, ou pa bezwen panike, konsa tou ou pa sipoze inyore li tou.

Lè ou fin resevwa yon lèt oswa yon avi IRS la voye ba ou pa lapòs, men ki sa ou sipoze fè aprèsa:

Pran san ou pou ou li lèt la. Pifò lèt ak avi IRS yo se de deklarasyon taks federal ak kont taks yo pale. Chak avi trete yon pwoblèm espesifik epi li bay enstriksyon ki byen klè sou sa ou sipoze fè. Yon avi gendwa fè kontribyab la konnen chanjman ki fèt sou kont taks li, taks li dwe, yon rekèt peman oswa yon pwoblèm espesifik nan yon deklarasyon taks. Lè ou poze aksyon ou gendwa minimize risk ki genyen pou ou ta peye enterè oswa penalite.

Revize enfòmasyon an. Si lèt la ta pale de deklarasyon taks ki chanje oswa korije, kontribyab la sipoze revize enfòmasyon an epi konpare li ak deklarasyon orijinal la. Si kontribyab la dakò, li sipoze note koreksyon an nan kopi deklarasyon taks pèsonèl li epi sere li nan dosye li. Jeneralman, kontribyab la ap gen pou li poze aksyon oswa antre an kontak avèk IRS la sèlman si li pa ta dakò ak enfòmasyon an, si IRS la ta mande enfòmasyon adisyonèl, oswa si yo gen balans yo dwe.

Poze nenpòt ki aksyon yo mande pou ou poze, sa gen ladann peye tou. Se pa lapòs IRS la ak ajans prive ki kolekte dèt yo voye lèt yo. Nan pifò ka, sèl sa kontribyab la ap gen pou li fè se pran san li pou l li lèt la epi poze aksyon ki apwopriye yo oswa fè yon pèman.

Reponn sèlman si yo mande pou ou fè sa. Kontribyab yo p ap bezwen reponn yon avi sof si yo ta mande li pou li fè sa. Jeneralman, pa gen okenn nesesite pou ou ta rele IRS la. Si kontribyab la ta gen nesesite pou sone IRS, li sipoze sone sou nimewo ki nan kwen anlè adwat avi a, epi li sipoze gen yon kopi deklarasyon taks li ak lèt li nan men li.

IRS la konnen lè ou gen pwoblèm ak yon avi. Si yon kontribyab pa ta dakò ak IRS la, li sipoze voye yon lèt pa lapòs kote l ap esplike poukisa li pa dakò ak avi a. Li sipoze voye lèt la nan adrès ki nan kazye kontak ki nan avi a. Kontribyab la sipoze enkli enfòmasyon ak dokiman pou IRS ka verifye lè li deside fè IRS konnen li pa dakò ak li.

Sere lèt la oswa avi a nan dosye ou. Kontribyab yo sipoze sere avi oswa lèt yo resevwa nan men IRS la. Sa yo gen ladan avi ajisteman yo lè yo poze aksyon sou kont kontribyab la. Kontribyab yo sipoze konsève done yo pandan twa (3) lane apati dat yo te fè deklarasyon enpo a.

Siveye anak yo. IRS la p ap jan janm itilize rezo sosyal yo oswa mesaj tèks pou li kontakte kontribyab yo. Lè IRS la ap antre an kontak ak ou pou lapremyè fwa, li souvan fè sa pa lapòs. Kontribyab k ap mande tèt yo si yo dwe IRS la lajan kapab gade enfòmasyon sou kont fiskal yo sou IRS.gov.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)