Prepare pou taks yo: Etap fasil kontribyab yo ka pran kounyea pou rann depo taks pi fasil an 2022

IR-2021-217, 8 november 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan ankouraje kontribyab yo jodia, ansanm avèk sila yo ki te resevwa peman relans yo oswa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, pou yo pran etap enpòtan yo sezon lotòn sa a pou ede yo depoze deklarasyon taks federal yo an 2022.

Planifye davans kapab ede moun yo depoze yon bon deklarasyon epi evite tretman anrete ki kapab ralanti ranbousman taks yo.

Sa se premye nan yon seri rapèl pou ede kontribyab yo prepare yo pou sezon depo taks k ap vini an. Yon paj espesyal, ki aktyalize epi disponib sou IRS.gov, mete aksan sou etap kontribyab yo kapab pran kounyea pou yo prepare yo pou yo depoze yon deklarasyon taks 2021 lòt ane.

Rasanble epi òganize dosye fiskal yo

Dosye fiskal ki òganize yo (an anglè) rann prepare yon deklarasyon taks presi epi konplè pi fasil. Li ede evite erè ki ka lakoz reta nan tretman ak ranbousman anreta. Moun yo ta dwe geyen tout enfòmasyon fiskal yo disponib anvan yo depoze pou yo rasire yo deklarasyon an presi epi konplè. Yo ta dwe avize IRS la si adres yo chanje (an anglè) epi avize Administrasyon Sekirite Sosyal la (an anglè) sou yon chanjman non ki legal.

Sonje, majorite revni yo taksab. Konsèvasyon dosye pou moun yo se:

Dokiman revni yo kapab ede moun yo detèmine si yo elijib pou dediksyon yo ak kredi yo. Anplis, moun ki bezwen rekonsilye peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo ak Kredi Enpo Prim yo ap bezwen enfòmasyon pou ane 2021 yo ki an rapò ak sa. Sila yo ki te resevwa twazyèm Peman Enpak Ekonomik epi ki panse yo kalifye pou yon montan adisyonèl ap bezwen peman relans yo a ak montan siplemantè yo pou kalkile epi reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an.

Kontribyab yo ta dwe kenbe dokiman fen ane yo tou ansanm avèk:

  • Lèt 6419, Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 yo, pou rekonsilye peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo
  • Lèt 6475, Peman Enpak Ekonomik 2021 Ou yo, pou detèmine elijibilite pou reklame (an anglè) Kredi Ranbousman Rekiperasyon an
  • Fòm 1095-A, Deklarasyon Mache Asirans Sante a, pou rekonsilye (an anglè) avans Kredi Enpo Prim yo pou kouvèti Mache a

Kont Anliy bay enfòmasyon sou kont fiskal an tout sekirite sou IRS.gov; li ede bay enfòmasyon sou deklarasyon ki enpòtan

Kontribyab ki gen aksè nan Kont Anliy yo kapab rantre an tout sekirite sou Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou yo wè dat ak montan peman yo. Kontribyab yo ap bezwen enfòmasyon sa apou rekonsilye peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo ak Kredi Enpo pou Timoun yo kapab reklame lè yo depoze deklarasyon taks 2021 yo a.

Moun elijib k ap reklame yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 ka konekte sou kont anliy yo an pou yo wè montan Peman Enpak Ekonomik yo pou yo kapab byen reklame kredi a lè y ap deklare.

Moun ki poko genyen yon Kont Anliy ta dwe aji san pèdi tan pou yo kreye yon kont. Moun ki deja genyen yon Kont Anliy ta dwe rasire yo y ap toujou kapab konekte ak siksè.

Kontribyab ki gen kesyon sou kòman pou kreye yon kont oswa kòman pou reyinisyalize non itilizatè yo oswa modpas yo kapab jwenn èd nan Kòman pou ou Enskri pou yon Seri Zouti Èd Pèsonèl Anliy. Moun yo ta dwe aji kounyea si yo bezwen kreye yon kont. Si yo pa anmezi pou yo verifye idantite yo anliy, genyen yon opsyon lapòs yo kapab itilize, men li pran plis tan.

Kontribyab ki genyen yon Kont Anliy yo ka:

  • Gade montan Peman Enpak Ekonomik yo
  • Ale sou Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou enfòmasyon sou peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo a
  • Apwouve oswa rejte demann otorizasyon nan men pwofesyonèl taks yo
  • Aktyalize adrès imèl yo epi chwazi oswa pa chwazi preferans avi papye seleksyone yo

Kontribyab yo ta dwe rasire yo yo fè prelèvman ase taks

Moun yo ka vle konsidere ajiste prelèvman yo si yo te dwe taks oswa resevwa yon gwo ranbousman nan ane anvan an. Chanje prelèvman an kapab ede evite yon fakti fiskal oswa kite moun yo kenbe plis lajan chak jou peman. Chanjman nan vi a – marye oswa divòse, ap tann yon timoun oswa ap pran yon dezyèm travay – ka rezon pou chanje prelèvman tou. Kontribyab yo ka panse ak ranpli yon nouvo Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye a, chak ane ak lè sitiyasyon pèsonèl yo ak finansyè yo chanje.

Moun yo bezwen konsidere peman enpo estime yo. Moun ki resevwa yon gwo montan revni ki pa yon salè tankou revni nan travay endepandan, revni envestisman, avantaj Sekirite Sosyal ki taksab yo (an anglè) epi nan kèk ka, revni pansyon ak rant ta dwe fè peman taks estime chak trimès yo. Dènye peman pou 2021 an se pou 18 janvye 2022.

Moun yo kapab konekte sou Kont Anliy yo pou yo fè yon peman anliy oswa ale sou IRS.gov/peman yo.

ITIN yo bezwen renouvle sèlman si yo ekspire ak si yo bezwen li nan yon deklarasyon taks federal Etazini

Si yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl (ITIN) pa t nan yon deklarasyon taks federal Etazini pandan pou pi piti yon fwa pou ane fiskal 2018, 2019 ak 2020, ITIN nan ap ekspire 31 desanm 2021.

Kòm rapèl, ITIN ki genyen chif nan mitan yo ki soti nan 70 pou rive nan 88, ekspire. Anplis, ITIN ki genyen chif nan mitan yo si soti nan 90 pou rive nan 99, SI yo te bay yo anvan 2013, yo ekspire. Moun ki te deja soumèt yon demann pou renouvle ki te apwouve, pa bezwen renouvle ankò.

Ou vle yon ranbousman rapid? Chwa depo dirèk pou kont bank ou fè w jwenn ranbousman yo pi rapid

Depo dirèk yo bay moun yo aksè ak ranbousman yo pi rapid pase yon papye chèk. Sila yo ki pa gen yon kont labank kapab aprann kòman pou louvri yon kont nan yon Bank ki Asire nan FDIC (an anglè) oswa atravè Zouti Lokalizatè Koperativ kredi (an anglè) Nasyonal yo.

Veteran yo ta dwe ale sou Pwogram Sèvis Bankè pou Veteran yo (VBBP) (an anglè) pou yo gen aksè nan sèvis finans nan bank k ap patisipe nan pwogram nan.

Volontarya pou ede kontribyab elijib yo ranpli deklarasyon yo

IRS la ak patnè kominotè li yo ap prepare pou sezon deklarasyon k ap vini an epi l ap chèche moun nan tout peyi a pou yo vin volontè sètifye IRS la. Rejwenn Pwogram Asistans Taks sou Revni Volontè a (VITA) ak Pwogram Konsèy sou Taks pou Moun Aje yo (TCE). Volontè VITA/TCE yo bay preparasyon deklarasyon taks gratis pou kontribyab kalifye yo. Avèk anpil moun k ap eksperimante chanjman finansye ane sa a, nou bezwen plis volontè pou asiste yo.

Ale sou IRS.gov/volunteers (an anglè) pou w aprann plis epi enskri. Apre ou fin enskri, w ap jwenn plis enfòmasyon sou kòman pou w patisipe nan yon oryantasyon vityèl.