Konsèy enpo IRS 2025-24, 10 avril 2025
Dat limit enpo 15 avril la ap apwoche byen vit – men gen tan toujou pou moun ranpli deklarasyon enpo federal elektwonikman epi mande depo dirèk pou nenpòt ranbousman.
Ranpli elektwonikman diminye erè deklarasyon enpo paske lojisyèl enpo a fè kalkil yo, siyale erè komen yo epi fè kontribyab yo konnen enfòmasyon ki manke yo. Pifò kontribyab kalifye pou ranpli elektwonikman gratis epi, lè yo chwazi depo dirèk, anjeneral yo jwenn ranbousman yo nan 21 jou.
Opsyon pou ranpli gratis
Gen plizyè opsyon pou ranpli gratis:
- IRS Direct File (an anglè): Louvri pou kontribyab ki elijib yo nan 25 eta pou ranpli deklarasyon enpo ane 2024 yo sou entènèt, gratis, dirèkteman ak IRS.
- IRS Free File: Kontribyab ki kalifye yo – moun ki gen revni brit ajiste $84 000 oswa mwens – ka ranpli sou entènèt lè yo sèvi avèk lojisyèl enpo gide gratis. Moun ki pa kalifye yo ka sèvi ak Free File Fòm Ranpli yo.
- Asistans Enpo sou Revni Volontè (VITA) ak Konsèy Enpo pou Moun Aje: Pwogram sa yo ofri preparasyon enpo gratis pou moun ki elijib nan kominote a pa volontè IRS ki sètifye.
- MilTax (an anglè), yon pwogram Depatman Defans, jeneralman ofri preparasyon enpo gratis ak lojisyèl ranpli elektwonik pou tout militè ak kèk veteran.
Tcheke estati ranbousman an
Zouti IRS Kote Ranbousman Mwen an anjeneral montre estati ranbousman an nan lespas 24 èdtan apre yon kontribyab te ranpli deklarasyon enpo l. Li pran apeprè kat semèn pou moun ki ranpli fòm papye yo wè estati yo. Zouti a disponib 24/7 epi li mete ajou yon fwa pa jou.
Kontribyab ki dwe
Kontribyab yo ka evite peye enterè ak kèk penalite lè yo ranpli deklarasyon enpo yo epi, si yo gen yon balans ki dwe, yo peye montan total ki dwe nan dat limit enpo 15 avril la. Plizyè opsyon peman, ansanm ak opsyon pou moun ki pa ka peye balans yo an antye disponib nan paj Fè yon peman sou IRS.gov.
Mande yon pwolongasyon pou ranpli
Moun ki bezwen plis tan pou ranpli enpo yo ka mande yon pwolongasyon tan pou ranpli anvan dat limit 15 avril la. Sa ba yo jiska 15 oktòb pou yo ranpli san penalite. Kontribyab yo dwe sonje yon pwolongasyon tan pou ranpli se pa yon pwolongasyon tan pou peye.
Pwolongasyon otomatik pou ranpli enpo ak règ espesyal pou dat limit enpo yo ka aplike pou kontribyab k ap sèvi nan yon zòn konba oswa zòn ki kalifye pou sèvis danjere (an anglè), k ap viv andeyò Etazini (an anglè) oswa k ap viv nan sèten zòn dezas. Kontribyab sa yo ka pa bezwen soumèt yon demann pwolongasyon pou ranpli enpo yo - men yo ta dwe tcheke pou wè si yo kalifye anvan dat limit enpo la.
Jwenn èd sou IRS.gov
Kontribyab yo ka vizite IRS.gov 24 sou 24 pou jwenn repons a kesyon enpo (an anglè), plis konsèy ak resous sou enpo lè yo vizite paj Kite nou ede w la.