Aplikasyon IRS2Go gratis mete enfòmasyon nan pla men kontribyab taks yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy IRS sou Taks 2020-120, 16 Septanm 2020

Gen zouti IRS ki popilè kontribyab taks yo ka jwenn byen vit lè yo ale sou IRS2Go nan telefòn pòtab yo. Aplikasyon ki pou nan selilè a disponib epi w ka telechaje l gratis nan nenpòt aparèy iOS oswa Androyid. Aplikasyon an disponib ni an anglè ni an Espayòl. Moun ka itilize l pou verifye ranbousman yo, fè yon pèman, jwenn èd gratis pou fè deklarasyon taks epi jwenn konsèy sou taks ki itil anpil:

  • Ranbousman yo. Kontribyab taks yo ka verifye estati ranbousman taks federal yo nan 24 è aprè IRS resevwa yon deklarasyon ki fèt pa e-file. Sa ap pran anviwon kat semèn pou verifye yon ranbousman si kontribyab taks la se poste li te poste deklarasyon l lan.
  • Pèman yo. Aplikasyon yo fè moun jwenn aksè rapid ak opsyon pèman ki fasil pou telefòn selilè yo.
    • Pèman Dirèk IRS la bay kontribyab taks yo yon mwayen ki pa bay kè sote lè y ap peye pa mwayen kont bankè yo.
    • Yon pèman ak kat kredi oswa debi pèmèt kontribyab taks yo fè pèman yo nan yon sistèm trètman otorize pou fè pèman.
  • Èd nan deklare taks. Kontribyab taks ki ka jwi dwa sa a ka jwenn lojisyèl taks gratis si yo ale nan zouti Deklarasyon Gratis ki sou IRS2Go a. Yo ka itilize lojisyèl sa a pou yo ka prepare byen vit, deklare taks yo epi jwenn ranbousman yo.
  • Konsèy. Kontribyab taks yo ka ale sou IRS2Go pou yo ka antre nan kont IRS ki sou rezo sosyal yo, tankou lyen k ap voye yo sou videyo YouToub ki itil, epi sou kont IRS genyen sou Twitè. Kontirbyab taks yo ka enskri pou yo ka resevwa Konsèy IRS sou Taks al jwenn yo nan emel yo (an anglè).

IRS2Go disponib pou moun telechaje nan Google Play, nan Boutik Aplikasyon Apple oswa Amazòn.