Swiv IRS sou medya sosyal yo epi enskri pou abònman bilten elektwonik yo pou tout dènye nouvèl IRS yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy sou Taks pou COVID 2021-61, May 4, 2021

Kontribyab, antrepriz, pwofesyonèl taks, ak lòt ankò ka swiv kont medya sosyal ofisyèl ajans lan ak lis abònman imèl yo pou jwenn enfòmasyon ki ijan konsènan Peman Enpak Ekonomik yo ak lòt enfòmasyon sou taks. Platfòm sa yo bay dènye alèt yo ak enfòmasyon sou yon varyete sijè fiskal, tankou alèjman fiskal ki lye ak COVID-19 la.

Platfòm sa yo enpòtan anpil pou kounya.Chanjman nan dat limit pou deklarasyon ak peman ansanm ak nouvo kredi pou antrepriz yo ak Peman Enpak Ekonomik yo rann kominikasyon fyab epi gratis sa yo esansyèl pou tout moun ki bezwen dènye enfòmasyon yo.

Platfòm medya sosyal IRS yo

IRS itilize plizyè zouti medya, tankou:

Ajans lan kontinye ap ogmante sansibilizasyon miltileng lan sou medya sosyal yo. Parekzanp, IRS te kreye Moman Twitter endividyèl nan 6 lang, kote li souliye mesaj kle yo, an panyòl, an vietnamyen, an Ris, an Koreyen, an Kreyòl Ayisyen ak an Chinwa Senplifye.

Lè moun yo itilize medya sosyal yo pou konekte ak IRS, yo dwe verifye si se kont ofisyèl yo y ap swiv (an anglè).

Kontribyab yo gen obligasyon pou yo pa reponn mesaj dirèk IRS sou medya sosyal yo ki mande yo enfòmasyon pèsonèl oswa finansyè. Sa yo se yon seri anak k ap fèt souvan pou eseye atire kontribyab yo sou platfòm medya sosyal yo oswa avèk imèl yo pa t mande, tèks, oswa apèl.

IRS genyen yon aplikasyon mobil gratis tou, IRS2Go, kote kontribyab yo ka verifye estati ranbousman yo, peye taks yo, jwenn èd pou zafè taks gratis, gade videyo IRS sou YouTube, epi jwenn konsèy sou taks chak jou. Aplikasyon IRS2Go a disponib sou Google Play Store pou aparèy Androyid yo, oswa sou Apple App Store pou aparèy Apple yo. Li disponib ni an anglè, ni an Panyòl.

Jwenn mizajou otomatik yo pa imèl

Sèvis abònman bilten elektwonik IRS la bay enfòmasyon sou taks pa imèl pou anpil piblik diferan. Li bay konsèy, zouti, ak materyèl ki itil pou kontribyab yo ak òganizasyon yo. IRS ofri sèvis abònman ki adapte pou antite ki pa nan peye taks ak antite gouvènmantal yo, ti antrepriz ak gwo antrepriz, ansanm avèk endividi yo tou. Sèvis la fasil pou itilize. Nenpòt moun ka ale sou Abònman Bilten Elektwonik (an anglè) IRS la pou yo enskri.

Opsyon bilten elektwonik IRS yo genyen ladan yo:

  • Koneksyon IRS la – Òf abònman sa bay materyèl ki ajou pou pwofesyonèl taks yo ak pou patnè ki anndan ak deyò kominote fiskal la. Materyèl pou Koneksyon (an anglè) an fèt yon fason pou abòne yo kapab pataje materyèl yo ak kliyan yo oswa manm yo pa imèl, medya sosyal, jounal entèn, imèl oswa sit entènèt ekstèn.
  • Konsèy sou Taks IRS yo – Konsèy brèf, klè sa yo ki nan yon langaj senp kouvri anpil sijè ki enterese tout kontribyab yo. Yo gen ladan yo dènye nouvèl sou anak fiskal, refòm fiskal, dediksyon fiskal, pwolongasyon pou deklarasyon ak amandman deklarasyon. Yo distribye Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè) chak jou pandn sezon fiskal yo epi tanzantan nan ane a.
  • Kominike IRS yo – Abòne Kominike IRS yo (an anglè) resevwa kominike yo nan menm jou yo pibliye a. Kominike sa yo pale sou anpil kesyo ki gen pou wè ak administrasyon fiskal yo, soti nan dènye nouvèl yo pou ale nan detay ki lye ak konsèy jiridik yo.
  • Nouvèl IRS yo an Panyòl – Nouvèl IRS yo an Panyòl (Noticias del IRS en Espanõl – Lektè yo jwenn kominike yo, konsèy sou taks yo ak mizajou yo, nan menm lè yo pibliye a. Abòne nan Nouvèl IRS yo an Panyòl (an anglè).
  • Bilten elektwonik pou Pwofesyonèl Taks yo – li genyen yon rezime ebdomadè pou tout kominike yo ak konsèy jiridik yo ki fèt espesyalman pou kominote pwofesyonèl taks yo. Abònman Bilten elektwonik pou Pwofesyonèl Taks yo (an anglè) bay pwofesyonèl taks yo yon rezime ebdomadè, yo jwenn lè vandredi nan apremidi.

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)