Sekirite finansyè: Pyès preparasyon pou dezas yo souvan bliye

konsèy sou Taks IRS 2021-115, 9 dawou 2021

Apre yon dezas natirèl, genyen aksè nan finans pèsonèl, asirans, medikal ak lòt dosye kapab ede moun yo kòmanse pwosesis rekiperasyon an byen rapid. Genyen kèk bagay kontribyab yo kapab fè pou ede pwoteje sekirite finansyè yo nan yon sitiyasyon dezas.

Men kèk konsèy pou preparasyon finansyè.

Aktyalize plan ijans yo. Yon dezas ka frape nenpòt lè. Sitiyasyon pèsonèl yo ak biznis yo toujou ap evolye, kidonk, kontribyab yo dwe ekzaminen plan ijans yo chak ane.

Kreye kopi elektwonik dokiman yo. Kontribyab yo dwe konsève dokiman yo yon kote ki sekirize. Tankou relve kont labank, deklarasyon enpo ak polis asirans. Sa vin fasil kounyea paske anpil ensitisyon finansyè bay relve ak dokiman pa mwayen elektwonik. Si dokiman orijinal yo disponib sou papye sèlman, kontribyab yo kapab itilize yon eskanè epi anrejistre yo sou kle USB, yon CD oswa nan nyaj la.

Dokimante bagay ki gen valè yo. Bagay ki gen valè yo kapab dokimante lè ou fè foto yo oswa video yo anvan yon dezas rive; sa ap rann li pi fasil pou reklame asirans ak avantaj fiskal yo, si sa nesesè. IRS.gov gen yon kaye ekzèsis sou pèt nan dezas (an anglè) ki kapab ede kontribyab yo rasanble yon lis bagay yo genyen chanm pa chanm.

Konprann alèjman fiskal la disponib nan sitiyasyon dezas yo. Enfòmasyon sou Asistans nan Dezas ak Sekou an Ijans pou Endividi yo ak Antrepriz yo (an anglè) disponib sou IRS.gov. Kontribyab yo ta dwe gade tou dediksyon ki detaye pou pèt akoz aksidan ak vòl yo (an anglè). Pèt pèsonèl ki gen pou wè ak aksidan ak vòl yo dediktib lè yo gen rapò ak dezas gouvènman federal la deklare. Reklamasyon yo dwe genyen kòd FEMA yo bay dezas la.

Kontribyab k ap viv nan yon dezas gouvènman federal la deklare, kapab vizite Nan Tout Peyi a (an anglè) sou IRS.gov epi klike sou Eta yo pou yo ka wè ki alèjman fiskal pou dezas ki disponib. Sila yo kap viv nan konte ki kalifye pou èd nan ka dezas ap resevwa otomatikman pwolongasyon pou deklare ak pou peman pou anpil fòmilè fiskal e yo p ap bezwen kontakte ajans lan pou yo jwenn èd. Moun ki gen kesyon sou dezas yo kapab rele IRS la nan 866-562-5227 pou pale avèk yon espesyalis IRS ki fòme pou jere pwoblèm dezas yo. Yo kapab fè demann kopi deklarasyon enpo yo te depoze anvan yo ak atachman yo lè yo depoze Fòm 4506 (an anglè), kòmande transkripsyon ki endike majorite ribrik yo atravè Jwenn Transkripsyon sou IRS.gov oswa rele 800-908-9946 pou transkripsyon yo.

Plis enfòmasyon: