Pwolongasyon tan pou fè deklarasyon taks yo; gen kontribyab ki tou kalifye

IR-2022-88, 18 avril 2022

WASHINGTON — Kontribyab k ap mande yon pwolongasyon ap genyen jiska lendi 17 oktòb 2022 pou yo soumèt yon deklarasyon. Sepandan, se pa tout moun k ap bezwen mande plis tan. Viktim katastwòf yo, kontribyab k ap sèvi nan zòn konba yo ak sila yo k ap viv aletranje yo gen plis tan pou yo deklare otomatikman.

Kontribyab yo ap tou jwenn yon pwolongasyon tan pou deklare otomatikman lè yo peye tout oswa yon pati nan taks yo pa vwa elektwonik anvan premye dat limit ane sa a, 18 avril 2022 a. Malgre kontribyab yo kapab deklare jiska sis (6) mwa annapre lè yo genyen yon pwolongasyon, y ap toujou dwe taks yo nan premye dat limit la.

Men plis enfòmasyon konsènan sila yo ki jwenn pwolongasyon otomatik yo:

Viktim katastwòf yo

Viktim tònad ak inondasyon desanm 2021 nan Akanzas (Arkanzas), Ilinwa (Illinois), Kenntòki (Kentucky) ak Tenesi (Tennessee) yo genyen jiska 16 me 2022 pou yo fè deklarasyon taks 2021 yo a ak peye tout taks yo dwe, menm jan pou viktim gwo dife ak gwo van nan kolorado (Colorado) ki te kòmanse 30 desanm nan. Anplis, viktim move tanpèt, inondasyon ak glisman tèren yo ki te kòmanse 4 fevriye nan pòtoriko (Puerto Rico) ap genyen jiska 15 jen 2022 pou yo deklare ak peye.

IRS la bay deklarasyon ak alèjman pou penalite pou tout kontribyab ki genyen nan dosye IRS yo yon adrès ki nan zòn gouvènman federal deklare zòn dezas pandan yon zòn pou pi piti kalifye pou pwogram Asistans Endividyèl FEMA a. Dabitid, sa vle di kontribyab la pa bezwen kontakte IRS la pou li jwenn alèjman fiskal pou katastwòf la.

Alèjman sa genyen ladan tou, plis tan pou fè kontribisyon 2021 yo nan IRA yo ak lòt plan yo epi fè pèman taks estime 2022 yo. Nan kèk ka, alèjman an didponib tou pou moun k ap viv deyò zòn dezas la, si pa ekzanp, yo genyen yon biznis ki nan zòn dezas la, genyen dosye fiskal ki sitiye nan zòn dezas la oswa ap bay asistans sekou nan dezas la. Vizite paj Atravè Peyi a (an anglè) sou IRS.gov pou detay sou tout alèjman ki disponib yo.

Kontribyab nan zòn konba yo

Manm sèvis militè yo ak pèsonèl sipò k ap sèvi nan yon zòn konba genyen pou pi piti 180 jou apre yo kite zòn konba a pou yo fè deklarasyon taks yo ak peye tout taks yo dwe. Pami yo sila yo k ap sèvi an irak, afganistan ak lòt zòn konba yo. Nou ka jwenn yon lis konplè lokalizasyon zòn konba yo nan Piblikasyon 3, Gid Fiskal Fòs Lame yo (an anglè), ki disponib sou IRS.gov.

Pwolongasyon zòn konba yo bay kontribyab ki konsène yo plis tan pou yon varyete aksyon ki gen rapò ak taks, pami yo, kontribisyon nan yon IRA. Plizyè sikonstans afekte dire ekzat pwolongasyon ki disponib pou kontribyab yo. Detay, ansanm avèk ekzanp ki montre kòman pwolongasyon yo kalkile twouve yo nan seksyon Pwolongasyon dat Limit yo nan Piblikasyon 3.

Kontribyab deyò Etazini yo

Sitwayen ameriken ak etranje rezidan k ap viv ak travay deyò Etazini ak Pòtoriko genyen jiska 15 jen 2022 pou yo soumèt deklarasyon taks 2021 yo ak peye tout taks yo dwe

Dat limit espesyal 15 jen an aplike pou militè ki an misyon deyò Etazini ak Pòtoriko, ki pa kalifye pou pwolongasyon ki pi long nan pou zòn konba a. Kontribyab ki konsène yo ta dwe tache yon deklarasyon avèk deklarasyon yo a k ap esplike kiyès nan sitiyasyon sa yo ki aplike.

Malgre kontribyab aletranje yo genyen plis tan pou yo peye, enterè ki akimile chak jou — aktyèlman (an anglè) ki nan to 44% pa ane — aplike sou tout pèman yo resevwa apre dat limit 18 avril la. Pou plis enfòmasyon sou règleman fiskal espesyal yo pou kontribyab ameriken aletranje yo, gade Piblikasyon 54, Gid Fiskal pou Sitwayen Ameriken ak Etranje Rezidan Aletranje yo (an anglè), sou IRS.gov.

Tout lòt moun

Kontribyab ki pa kalifye pou youn nan twa (3) sitiyasyon espesyal sa yo kapab toujou jwenn plis tan pou deklare pandan y ap soumèt yon demann pou yon pwolongasyon otomatik. Sa ap pwolonje dat limit yo a jiska 17 oktòb 2022. Men paske sa se sèlman yon pwolongasyon pou deklarasyon taks, dat pou yo peye taks 2021 yo se toujou 18 avril.

Yon mwayen fasil pou jwenn plis tan se atravè Deklarasyon Gratis IRS sou IRS.gov. Nan kèk minit, nenpòt moun, kèlkeswa revni li, kapab itilize sèvis gratis sa pou mande yon pwolongasyon sou Fòm 4868 (an anglè). Pou yo jwenn pwolongasyon an, kontribyab yo dwe kalkile responsablite fiskal yo sou fòm sa a.

Yon lòt opsyon se peye pa vwa elektwonik epi jwenn yon pwolongasyon pou deklarasyon taks. IRS la ap bay yon pwolongasyon otomatikman lè yon kontribyab chwazi Fòm 4868 epi fè yon pèman taks federal pasyèl oswa total anvan dat limit 18 avril la avèk Kont AnliyPèman Dirèk, Sistèm Pèman Elektwonik Taks Federal (EFTPS) oswa yon kat debi, kredi, oswa bous dijital. Nan opsyon sa a, pa gen nesesite pou soumèt yon Fòm 4868. Kontribyab yo dwe enskri pou EFTPS la anvan yo itilize l. Opsyon pèman elektwonik yo disponib sou Peye Anliy.

Dat limit pou soumèt deklarasyon taks 2021 yo oswa yon pwolongasyon pou deklare ak peye taks nou dwe yo ane sa a tonbe nan 18 avril, olye 15 avril, akoz konje Jounen Emansipasyon an (Emancipation Day) nan Distri Columbia. Kontribyab nan Maine oswa Massachusetts genyen jiska 19 avril 2022 pou yo fè deklarasyon yo akoz konje Jounen Patriyòt (Patriot's Day) nan Eta sa yo.