Ou resevwa yon lèt oswa yon avi ki soti nan IRS? Men nouvo etap ou dwe swiv yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-143, 19 Septanm 2022

Kontribyab yo gen dwa pou yo konsève sèvis yon reprezantan otorize ke yo chwazi pou reprezante yo lè y ap fè fas ak IRS la. Kontribyab yo gen dwa pou yo chèche asistans nan Sèvis pou Kontribyab ki gen Ti Revni si yo pa gen mwayen pou yo gen yon reprezantasyon. Sa se youn nan dis dwa fondamantal tout kontribyab yo genyen jan Deklarasyon Dwa Kontribyab la soulinye li a.

Kisa Dwa pou konsève Reprezantasyon sinifi pou kontribyab yo:

  • Kontribyab yo gen dwa pou yo konsève sèvis yon reprezantan otorize ke yo chwazi pou reprezante yo nan afè yo ak IRS la.
  • Kontribyab yo ki pral pase yon entèvyou ak IRS la gendwa chwazi yon moun pou reprezante yo.
  • Kontribyab yo ki chwazi yon reprezantan pa gen obligasyon pou li akonpanye reprezantan li, sof nan ka kote IRS la egzije li pou li prezante.
  • Nan pifò ka, IRS la dwe kanpe entèvyou a si kontribyab la ta mande pou li konsilte yon reprezantan, tankou yon avoka, yon kontab piblik sètifye oswa yon ajan anwole.
  • Nenpòt avoka, kontab piblik sètifye, ajan anwole oswa lòt moun ki gen otorizasyon pou reprezante kontribyab la devan IRS la, ki pa radye devan bawo oswa ki an sispansyon pou pratike devan IRS la, gendwa soumèt yon manda avoka alekri pou reprezante yon kontribyab devan IRS la.
  • Kontribyab yo gen dwa pou yo chèche asistans nan Sèvis pou kontribyab ki pa gen gwo revni (LITC) si yo pa gen mwayen pou yo gen yon reprezantasyon. Yo kapab jwenn LITC ki pi pre yo a lè yo vizite paj Sèvis pou Kontribyab ki pa Gen Gwo Revni (an anglè) oswa rele IRS gratis nan 800-829-3676.

LITC yo endepandan de IRS la epi Sèvis Defans Kontribyab la (an anglè) Sèvis sa yo reprezante sitwayen yo ki gen revni yo pi ba pase yon sèten limit epi ki gen pwoblèm fiskal yo bezwen rezoud ak IRS la. LITC yo kapab reprezante kontribyab yo nan odit yo, apèl yo, ak litij koleksyon enpo yo devan IRS la ak nan tribinal. Anplis, LITC yo ka bay enfòmasyon sou dwa kontribyab yo ak responsabilite yo nan plizyè lang pou sitwayen ki pale anglè kòm yon dezyèm lang. Sèvis yo gratis oswa pou yon ti kras lajan.

Plis Enfòmasyon

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)