Pa tann pou w deklare: IRS ankouraje kontribyab ki gen pwolongasyon deklarasyon jiska oktòb yo ak lòt ki bezwen deklare toujou

Deklare pa vwa elektwonik lè nou pare; akselere ranbousman yo; evite ogmantasyon enterè ak penalite

IR-2022-116, 2 jen 2022

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan ap ankouraje kontribyab ki genyen pou depoze deklarasyon taks 2021 yo a – ansanm avèk sila yo ki te mande yon pwolongasyon tan – pou yo soumèt yon bon deklarasyon ki konplè pa vwa elektwonik pi bonè posib depi yo fin genyen tout enfòmasyon sa ap bezwen. Pa gen nesesite pou tann dat limit oktòb la rive.

Kontribyab ki te mande yon pwolongasyon genyen jiska 17 oktòb ane sa a pou yo fè deklarasyon taks yo a. Sepandan, si yon kontribyab genyen tout enfòmasyon ki nesesè pou fè yon deklarasyon ki kòrèk, sa ap nan avantaj li si li deklare anvan vakans ete a.

Chuck Rettig, Komisè IRS la te fè konnen, "Anplwaye IRS yo kontinye ap travay di pou yo trete deklarasyon taks yo epi abòde pwoblèm envantè nou yo". "Nou kontinye ankouraje moun yo pou yo fè deklarasyon pa vwa elektwonik epi pou yo fè sa pi vit posib. Menm si moun yo gen yon pwolongasyon jiska oktòb pou yo deklare, si yo soumèt deklarasyon taks la pi vit posib, sa kapab ede yo jwenn yon ranbousman pi vit oswa sa ka fè yo ekonomize lajan, si yo dwe, pou evite enterè ak penalite adisyonèl."

Lè kontribyab ki pat mande yon pwolongasyon, epi ki te kite dat limit avril la pase yo, deklare pa vwa elektwonik pi vit posib, sa kapab ede yo evite plis penalite ak enterè si yo dwe taks.

Deklare pa vwa elektwonik epi chwazi depo dirèk

Jeneralman, moun ki chwazi pa fè yon deklarasyon taks paske yo pat rantre ase lajan pou yo ekzije yo deklare p ap genyen penalite si yo dwe yo yon ranbousman. Men yo ka pa resevwa yon ranbousman si yo pa deklare. IRS la konseye moun ki bezwen fè yon deklarasyon taks 2021 toujou pou fè sa pa vwa elektwonik epi, si yo dwe yo ranbousman, pou yo chwazi depo dirèk.

Deklarasyon pa vwa elektwonik la rapid, li bon epi li sekirize, epi lè yon moun chwazi depo dirèk, ranbousman li soti nan IRS pou ale dirèk sou kont labank oswa finansye li pou li jwenn ranbousman li an nan tan ki pi kout posib. Si li gen yon kat debi prepeye, li ka anmezi pou li chwazi resevwa ranbousman sou kat la pandan l ap bay IRS la nimewo kont lan ak nimewo woutaj la. IRS la trete majorite deklarasyon ki fèt pa vwa elektwonik yo epi bay ranbousman depo dirèk yo nan mwens pase twa (3) semèn.

Men yon konsèy pou ede avèk deklarasyon taks 2021 pa vwa elektwonik pou sila yo ki toujou ap tann deklarasyon taks 2020 yo a trete: Pou valide epi soumèt avèk siksè yon deklarasyon taks ki fèt pa vwa elektwonik bay IRS la, kontribyab yo bezwen Revni An Gwo Ajiste yo, oswa AGI, ki nan dènye deklarasyon taks yo a. Sila yo k ap tann deklarasyon taks 2020 yo trete kapab toujou soumèt deklarasyon taks 2021 yo a pandan y ap rantre $0 pou AGI 2020 yo a sou deklarasyon taks 2021 an. Sonje, si n ap itilize menm lojisyèl preparasyon taks nou te itilize ane pase a, espas sa ap ranpli otomatikman.

Kontribyab ki poko soumèt deklarasyon taks 2021 yo a – ansanm avèk deklaran nan pwolongasyon yo – kapab deklare pa vwa elektwonik nenpòt lè anvan dat limit oktòb la epi evite kouri prese deklare nan dènye minit.

Jwenn èd sou IRS.gov

Moun yo ka ap tann pou yo deklare paske yo bezwen èd oswa plis enfòmasyon, paske sitiyasyon fiskal yo pi konplike, oswa paske yo dwe taks. IRS la genyen resous pou ede kontribyab yo jwenn repons yo bezwen pou yo kapab soumèt yon bon deklarasyon. Pran tan nou pou nou soumèt yon bon deklarasyon taks, men nou pa bezwen tann dènye minit la epi riske kite dat limit oktòb la pase.

Zouti ki sou sitwèb IRS yo fasil pou itilize e yo disponib tout 24 è nan jounen an. Anpil milyon moun itilize yo pou yo jwenn enfòmasyon sou kont yo, jwenn repons sou kesyon sou taks yo oswa deklare ak peye taks. Zouti anliy yo genyen etap espesyal ki enpòtan ki an rapò ak Pèman Enpak Ekonomik epi pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo.

IRS.gov genyen anpil zouti anliy ak resous, soti nan preparasyon taks ak zouti pou trake ranbousman, pou ale nan zouti rechèch lwa fiskal tankou Asistan Taks Entèraktif la (an anglè) ak repons pou Kesyon yo Poze Souvan (an anglè) sou plizyè sijè.

Opsyon pèman yo

Soumèt yon deklarasyon taks epi peye tout montan nou dwe pi vit posib kapab ede kontribyab yo evite plis enterè ak penalite.

Kontribyab ki dwe taks yo kapab gade tout opsyon pèman yo anliy. Sa gen ladan, peye taks atravè yon Kont Anliy avèk Pèman Dirèk IRS oswa peye avèk kat debi, kat kredi oswa bous dijital. IRS la genyen opsyon pou moun ki pa kapab peye taks yo (an anglè), tankou aplike pou yon plan pèman sou IRS.gov.

Deklarasyon Gratis IRS

Moun ki kalifye yo – tankou sila yo ki te mande yon pwolongasyon tan – kapab itilize pwogram Deklarasyon Gratis IRS la pou yo prepare ak soumèt deklarasyon taks yo gratis. Pwogram nan ofri 70% tout kontribyab yo chwa ant plizyè lojisyèl preparasyon taks gwo mak yo pou itilize gratis. Sila yo ki te rantre mwens pase $73,000 nan ane 2021 an kapab chwazi ki pake k ap pi bon pou yo. Genyen ki menm ofri preparasyon deklarasyon taks leta gratis. Sila yo ki te rantre plis yo genyen opsyon pou yo itilize Fòm pou Ranpli Deklarasyon Gratis IRS yo (an anglè).

Lojisyèl anliy MilTax (an anglè) disponib tou pou militè ak yon seri veteran, kèlkeswa revni yo. Yo ofri lojisyèl sa atravè Depatman Defans lan. Kontribyab kalifye yo kapab itilize MilTax pou yo prepare ak soumèt deklarasyon taks federal yo pa vwa elektwonik ak jiska twa (3) deklarasyon leta, gratis.

Volontè pou Asistans Taks sou Revni

Pwogram Volontè pou Asistans Taks sou Revni (VITA) IRS la ofri èd fas-a-fas pou preparasyon taks nan kèk lokalite nan kominote yo nan peyi a. Li ofri preparasyon deklarasyon taks bazik gratis jeneralman pou moun ki rantre $58,000 oswa mwens ak pou moun ki gen andikap oswa pou kontribyab ki pa pale anglè twò byen.

Lokalizatè Sant VITA/TCE a kapab ede kontribyab kalifye yo jwenn sant kominotè ki gen estaf volontè IRS fòme ak sètifye. Kontribyab yo kapab itilize zouti lokalizatè a pou yo wè si gen yon sant disponib ki louvri toupre yo toujou.

Pwofesyonèl taks yo

Anpil moun sèvi ak yon pwofesyonèl taks yo fè konfyans pou gide yo nan pwosesis depoze taks yo ak pou evite erè.

Genyen plizyè kalite pwofesyonèl k ap prepare deklarasyon taks, tankou kontab piblik ki sètifye, ajan ki anwole, avoka ak anpil lòt ki pa genyen yon tit pwofesyonèl.

Pliske pwofesyonèl taks yo ap gen aksè nan enfòmasyon pèsonèl ak finansyè yon moun, li enpòtan pou nou pridan lè n ap chwazi yon pwofesyonèl taks (an anglè).

Pou kontribyab ki bezwen èd nan zafè taks yo, repètwa anliy (an anglè) sa a kapab ede yo jwenn yon pwofesyonèl taks nan zòn yo a.