Douzèn Delwayal: IRS ak Somè Sekirite a renouvle dènye avètisman li te bay pwofesyonèl taks yo ak lòt biznis yo kont atak danjere eskwokri yo

IR-2022-122, 9 Jen 2022

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan jodiya te anonse eskwokri danjere yo se 8yèm eleman sou lis avètisman kont anak "Douzèn Delwayal" 2022 a e li se yon pwoblèm grav paske li ka adapte pou atake ak vòlè enfòmasyon idantifikasyon sistèm enfòmatik nenpòt ti antrepriz ki genyen yon baz done kliyan, tankou kabinè pwofesyonèl taks yo.

Komisè IRS la, Chuck Rettig te pale pou l di: "Jeneralman, pwofesyonèl taks yo repoze yo apre sezon deklarasyon an e anpil nan yo pran yon bon vakans yo byen merite; men pa bese gad ou". "Eskwokri yo rete yon nan pi gwo menas pou endistri taks la ak lòt antrepriz k ap fonksyone ak kliyan."

Eskwokri a se yon imèl anak k ap eseye vòlè enfòmasyon idantifikasyon pou lojisyèl preparasyon yon pwofesyonèl taks. Vòlè sa yo eseye pran done kliyan yo ak idantite moun k ap prepare taks yo pou yo ka depoze fo deklarasyon taks pou ranbousman. Eskwokri yo ka adapte pou yo atake tout tip antrepriz oswa òganizasyon, kidonk, tout moun bezwen veye epi pa kouri reponn lè nou resevwa yon imèl etranj.

IRS la konpile lis "Douzèn Delwayal" anyèl la pou plis pase 20 lane kòm yon mwayen pou alète kontribyab yo ak kominote pwofesyonèl taks la sou anak yo ak eskwokri yo. Lis la pa yon dokiman legal oswa yon lis literal priyorite aplikasyon ajans lan. Li fèt pou li reveye konsyans yo sou yon varyete piblik ki ka pa toujou konsyan de evolisyon ki enplike administrasyon fiskal yo.

Anak "Douzèn Delwayal" yo gen tandans pi dominan pandan sezon deklarasyon an men kriminèl yo pa janm chome.

IRS la, ajans fiskal leta yo ak kominote fiskal peyi a – k ap travay ansanm kòm Somè Sekirite a – kontinye ap wè atak eskwokri sa ap ogmante nan kominote pwofesyonèl taks la.

Dènye imèl eskwokri a itilize logo IRS la ak yon varyete liy sijè tankou "Aksyon Nesesè: Kont ou an atant." IRS te obsève plizyè fo imèl ki sanble ki di yo nan men yon "founisè pou demann preparasyon taks." Youn nan varyant sa yo pwopoze yon "rapò aktivite ki etranj" ak yon lyen kòm repons pou destinatè a restore kont lan.

Imèl ki di "Kont ou an atant" yo se anak. Imèl anak yo ap voye itilizatè yo sou yon sitwèb k ap montre logo plizyè founisè lojisyèl preparasyon taks ki popilè. Lè nou klike sou logo sa yo, y ap mande nou enfòmasyon idantifikasyon pou kont pwofesyonèl taks nou.

IRS la avèti nou pou nou pa reponn ni fè anyen nan sa imèl la mande nou fè. Lòt imèl ki sanble avèk yo genyen move lyen oswa atachman ki la pou vòlè enfòmasyon oswa telechaje pwogram malveyan sou òdinatè pwofesyonèl taks la.

Nan ka sa a, si moun ki resevwa imèl la antre enfòmasyon li yo nan fenèt ki parèt la, vòlè yo ap kapab itilize enfòmasyon sa yo pou yo depoze fo deklarasyon taks avèk enfòmasyon idantifikasyon pwofesyonèl taks la te bay yo. Pou plis enfòmasyon, gade Dènye eskwokri anak yo sible pwofesyonèl taks yo (an anglè).