Konsèy enpo IRS 2025-12, 7 Fevriye 2025
Kontribyab yo ka ranpli enpo byen vit, byen fasil epi gratis, dirèkteman nan IRS lè yo sèvi avèk IRS Direct File (an anglè). Se yon sèvis ki baze sou entènèt la, ki disponib an Anglè ak Panyòl, li bay èd gide pou prepare ak depoze yon deklarasyon enpo federal nan yon smartphone, yon tablèt oswa òdinatè nan 25 eta.
Direct File fasil pou itilize epi li ede kontribyab ki kalifye yo:
- Ranpli yon deklarasyon enpo federal ane 2024 gratis dirèkteman nan IRS.
- Ekonomize tan lè w chwazi enfòmasyon ki soti nan kont IRS yo a, tankou enfòmasyon pèsonèl ak W-2 si l disponib.
- Reklame sèten kredi ak dediksyon.
- Ajoute enfòmasyon enpo ak enstriksyon etap pa etap.
- Chat avèk sipò kliyan IRS Direct File an Anglè oswa Panyòl.
- Prepare deklarasyo nan smartphones, laptop, tablèt ak òdinatè desktop.
Kalifikasyon
Sèvis IRS Direct File disponib pou kontribiyab ki ranpli deklarasyon enpo federal senp nan 25 eta k ap patisipe yo (an anglè) epi ki rapòte kalite revni sa yo:
- W-2 revni salè.
- SSA-1099 revni Sekirite Sosyal.
- 1099-G konpansasyon chomaj.
- 1099-INT revni enterè.
- 1099-R revni retrèt.
- 1099-MISC pou rezidan Alaska ki rapòte Dividann Fon Pèmanan Alaska (an anglè).
Li pa pou kontribyab ki gen lòt kalite revni, tankou ekonomi ti djòb, lokasyon oswa revni biznis. Kontribyab yo ka ale nan directfile.irs.gov (an anglè) pou tcheke si yo kalifye epi wè si Direct File se yon bon opsyon pou yo. Si yo pa kalifye, kontribyab yo ka konekte nan opsyon altènatif pou ranpli yo.
Direct File pa prepare deklarasyon leta yo. Yon fwa kontribyab yo fin ranpli deklarasyon enpo federal yo, Direct File otomatikman gide yo nan sèvis eta a pou ranpli enpo eta yo. Vizite sit entènèt eta yo (an anglè) pou jwenn enfòmasyon sou ranpli enpo sou revni nan chak eta.
Jwenn dènye nouvèl yo lè w abòne nan bilten Direct File la (an anglè).
Plis enfòmasyon
- Ranpli gratis avèk IRS Direct File (an anglè)
- Piblikasyon 5916, Ranpli Gratis avèk IRS Direct File (an anglè) PDF
- Piblikasyon 5917, IRS Direct File – Ki sa Ou Bezwen Konnen (an anglè) PDF
- Piblikasyon 5949, Konsèy Itil pou Prepare W pou IRS Direct File (an anglè) PDF
- Piblikasyon 5952, Èske W Pare pou Ranpli ak IRS Direct File la? (an anglè) PDF