Dèfwa, konpayi k ap pwomèt kontribyab yo ke yo kapab elimine dèt taks yo konn lage yo nan kouri

Konsèy Fiskal IRS 2022-103, 7 Jiyè 2022

Gen yon ansyen pwovèb ki di: Si yon bagay parèt twò bèl pou l ta vrè, ebyen li pwobableman sa. Kontribyab ki gen gwo bòdwo taks yo gendwa kite konpayi k ap fè piblisite epi ofri pou ede yo diminye dèt taks yo tante yo. Yo souvan rele jan de konpayi sa yo Pwopozisyon Konpwomi “mills”. Yo fè gwo deklarasyon ki fè kwè yo kapab redwi dèt taks yo a zewo. Malerezman, dèfwa, jan de konpayi sa yo pa bay rezilta e yo fè nou peye gwo lajan.

Yon Pwopozisyon Konpwomi ak IRS gendwa ede kontribyab ki pa kapab peye bòdwo taks li.

Yon Pwopozisyon Konpwomi se yon akò ki jwenn ant yon kontribyab ak IRS pou peye yon montan ki pi piti pase montan dèt taks la okonplè. Pwogram sa a ofri kontribyab ki elijib yo yon mwayen pou yo kapab peye dèt taks yo lè yo pa ta gen okenn lòt posiblite pou yo te fè sa oswa lè yo ta ap fè fas ak difikilte.

Pwopozisyon nan Konpwomi (OIC) “mills” ki malonèt yo jwe sou inyorans kontribyab yo pou yo kapab fè lajan fasil.

OIC “mills” sa yo mande moun yo pou anboche konpayi yo a pou ranpli yon aplikasyon Pwopozisyon nan Konpwomi, menm lè kontribyab la pa p kalifye. Yo souvan mande gwo lajan pou yo prepare aplikasyon yo malgre yo konnen IRS ap rechte yo. Move pratik enjis sa a fè kontribyab yo pèdi tan ak lajan yo.

Kontribyab ki kalifye tout bon vre pou yon Pwopozisisyon nan Konpwomi ap benefisye menm avantaj yo si yo travay dirèkteman ak IRS, san yo pa peye frè adisyonèl.

OIC “mills” ki malonèt yo lakoz gwo pwoblèm pandan tout yon ane, men yo ogmante piblisite yo lè sezon deklarasyon taks la fini, pandan kontribyab yo ap chèche rezoud pwoblèm fiskal yo.

Men sa kontribyab yo ki anvizaje yon Pwopozisyon nan Konpwomi dwe konnen:

  • Chak grenn kontribyab gendwa itilize zouti Pre Kalifikasyon Pwopozisyon Konpwomi (an anglè) IRS la pou yo kapab verifye si yo elijib.
  • Lè yon kontribyab pare pou li aplike, li gendwa gade lis videyo Pwopozisyon Konpwomi an (an anglè) k ap gide kontribyab la atravè yon seri etap ak fòm pou ede yo kalkile yon pwopozisyon apwopriye k ap baze sou aktif yo, revni yo, depans yo ak rantre potansyèl y ap genyen alavni.
  • Kontribyab yo sipoze fè yon pwopozisyon ki baze sou kapasite reyèl yo genyen pou yo peye.
  • Difèt ke kontribyab la aplike, sa pa vle di IRS ap aksepte pwopozisyon an pou sa.

Jwen bon jan èd fiskal nan men moun ki gen gwo renome

Moun ki bezwen èd nan men yon pwofesyonèl taks ki gen gwo renome gendwa vizite paj Chwazi yon Pwofesyonèl Taks sou sit IRS.gov la, pou kapab jwenn enfòmasyon sou idantite ak kalifikasyon preparatè taks yo. Yo gendwa itilize Repètwa Moun k ap Prepare Deklarasyon Taks Federal IRS yo ansanm ak Konpetans ak Meyè Kalifikasyon yo (an anglè) pou kapab ede idantifye anpil preparatè selon konpetans oswa kalifikasyon.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)