Erè ki fèt souvan nan deklarasyon taks yo ki kapab koute kontribyab yo

Konsèy sou Taks pou COVID 2022-11, 20 janvye 2022

Lwa taks yo konplike men majorite erè ki repete souvan yo tèlman senp, w ap sezi. Nou kapab evite anpil erè lè nou fè deklarasyon elektwonik. Lojisyèl taks yo fè kalkil, sinyale erè ki repete anpil yo epi fè kontribyab la konne touswit gen enfòmasyon ki manke. Li kapab ede kontribyab yo tou pou yo reklame bon kredi ak dediksyon.

Lè ou itilize bon pwofesyonèl taks – tankou kontab piblik sètifye yo, ajan anwole (an anglè) oswa lòt pwofesyonèl taks anpil moun rekonèt – kapab ede evite erè yo tou.

  • Deklare twò bonè. Pandan kontribyab pa ta dwe deklare anreta, yo pa ta dwe deklare anvan lè nonplis. Moun ki pa tann pou yo deklare anvan yo resevwa tout bon dokiman deklarasyon taks yo riske fè yon erè ki ka lakoz tretman anreta.
  • Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ki pa kòrèk oswa ki manke. Chak SSN ki sou yon deklarasyon taks dwe parèt ekzakteman jan li ekri sou kat Sekirite Sosyal la.
  • Non ki mal ekri. Menm jan an. Yon non ki sou yon deklarasyon taks dwe koresponn ansanm avèk non sou kat Sekirite Sosyal moun sa.
  • Enfòmasyon ki pa byen rantre. Yo ta dwe byen rantre avèk atansyon salè, dividand, enterè labank, ak lòt revni ou resevwa epi yo te deklare sou yon deklarasyon enfòmasyon. Sa gen ladan tout enfòmasyon y ap bewen pou kalkil kredi ak dediksyon yo. Itilize yon lojisyèl taks ta dwe ede anpeche gen erè matematik, men moun yo dwe toujou revize deklarasyon taks yo pou yo kòrèk.
  • Kondisyon fiskal ki pa kòrèk. Gen kontribyab ki chwazi move kondisyon fiskal la. Asistan Taks Entèraktiv (an anglè) la sou IRS.gov kapab ede kontribyab yo chwazi estati ki kòrèk la espesyalman si plis pase yon kondisyon fiskal aplike. Lojisyèl taks yo ede anpeche erè nan kondisyon fiskal yo tou.
  • Erè matematik. Erè matematik yo se kèk nan erè ki fèt pi souvan yo. Soti nan adisyon ak soutraksyon ki pi senp pou ale nan kalkil ki konplèks yo. Kontribyab yo ta dwe byen verifye kalkil yo. Sa ki pi bon an, lojisyèl preparasyon taks yo fè sa otomatikman.
  • Kalkil kredi oswa dediksyon. Kontribyab yo kapab fè erè nan kalkile bagay tankou Kredi Enpo sou Revni ki Antre, Kredi Swen Depandan ak Timoun (an anglè), Kredi Enpo pou Timoun, epi Kredi Ranbousman Rekiperasyon. Asistan Taks Entèraktiv (an anglè) la kapab ede detèmine si yon kontribyab kalifye pou kredi oswa dediksyon taks. Lojisyèl taks la ap kalkile kredi sa yo ak dediksyon sa yo epi ak tout fòm ak barèm yo mande. Kontribyab yo ta dwe byen verifye ki kote bagay yo parèt sou deklarasyon final la anvan yo klike sou bouton soumèt la.
  • Nimewo kont labank ki pa kòrèk. Kontribyab yo dwe yon ranbousman yo ta dwe chwazi depo dirèk. Se mwayen ki pi rapid pou yon kontribyab jwenn lajan li a. Men, kontribyab la dwe rasire li li itilize nimewo kont ak wouting ki kòrèk yo sou deklarasyon taks yo a.
  • Fòm ki pa siyen. Yon deklarasyon taks ki pa siyen pa valid. Nan majorite ka yo, toude konjwen yo dwe siyen yon deklarasyon konjwen. Ka genyen eksepsyon pou manm fòs lame yo (an anglè) oswa lòt kontribyab ki genyen yon delegasyon pouvwa (power of- attorney (an anglè) ki valid. Kontribyab yo kapab evite erè sa lè yo fè deklarasyon yo elektwonik ak sinyati elektwonik anvan yo voye li bay IRS la.

IRS la ankouraje tout kontribyab yo pou yo fè deklarasyon elektwonik epi chwazi depo dirèk pou yo jwenn ranbousman yo pi rapid. Deklarasyon Gratis IRS ofri preparasyon taks sou entènèt, depo dirèk pou ranbousman yo ak deklarasyon elektwonik, tout sa yo gratis. Gen opsyon ki disponib an panyòl. Anpil kontribyab kalifye tou pou preparasyon deklarasyon taks gratis lakay volontè sètifye IRS yo.

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an angle)