Deklare yon timoun antanke yon depandan lè paran yo divòse, separe oswa p ap viv ansanm

Konsèy Fiskal IRS 2022-98, 28 Jen 2022

Paran ki divòse, separe, ki pat janm marye oswa ki p ap viv ansanm epi ki gen responsabilite yon timoun avèk yon ansyen konjwen oswa ansyen patnè bezwen konprann règleman espesifik konsènan kiyès ki ka kalifye pou deklare timoun nan pou sa ki gen pou wè ak taks yo. Sa kapab rann depoze taks yo pi fasil pou toude (2) paran yo epi evite erè ki ka lakoz reta nan tretman oswa erè fiskal ki ka koute.

Sèlman yon moun ka kalifye pou deklare timoun kalifye a antanke yon depandan.

Sèlman yon moun kapab reklame avantaj fiskal ki an rapò ak yon timoun depandan ki respekte règleman konsènan timoun kalifye yo (an anglè) PDF. Paran yo p ap kapab pataje oswa separe avantaj fiskal yo pou timoun yo a sou deklarasyon taks yo chak.

Li enpòtan pou chak paran konprann kiyès k ap deklare timoun yo a sou deklarasyon taks yo a. Si de (2) moun deklare menm timoun nan sou deklarasyon taks ki diferan, sa ap ralanti tan tretman an pandan IRS ap detèmine deklarasyon ki paran ki gen priyorite.

Jeneralman, paran ki gen gad timoun nan deklare timoun kalifye a antanke yon depandan sou deklarasyon yo a.

  • Paran ki gen gad timoun nan se paran timoun nan t ap viv avèk li pandan anpil nwit nan 2021 an. Lòt paran an se sa ki pa gen gad timoun nan.
  • Nan majorite ka yo, akoz tès rezidans lan (an anglè), paran ki gen gad timoun nan deklare timoun nan sou deklarasyon taks li.
  • Si timoun nan te avèk chak paran pandan menm kantite nwit nan ane a, paran ki gen gad timoun nan se paran ki genyen pi gwo revni brit ajiste a. 

Règleman desizif yo ka aplike si timoun nan se yon timoun kalifye ki pou plis pase yon sèl moun.

  • Malgre timoun nan ka ranpli kondisyon pou li yon timoun kalifye ki pou nenpòt nan paran yo, se yon moun sèlman k ap kapab deklare timoun nan antanke yon timoun kalifye an reyalite, depi kontribyab la kalifye.
  • Moun yo dwe li avèk atansyon Piblikasyon 504, Moun ki Divòse oswa Separe (an anglè) pou yo konprann kiyès ki kalifye pou deklare yon timoun kalifye.

Paran ki pa gen gad timoun nan ka kalifye pou deklare yon timoun kalifye.

Gen règleman espesyal ki dwe respekte pou yo trete yon timoun antanke yon timoun kalifye ki pou paran ki pa gen gad la.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)