Pran prekosyon nou ak fwòd enpo Douzèn Delwayal pou 2025 la | Internal Revenue Service

Pran prekosyon nou ak fwòd enpo Douzèn Delwayal pou 2025 la

24 mas 2025

Lis IRS Douzèn Delwayal (an anglè) fwòd enpo pou ane 2025 la vini ak yon avètisman pou n veye konplo komen ki menase enpo w ak enfòmasyon finansye w.

Lis ane sa a gen ladan l fwòd imel, kredi enpo ki bay manti, move konsèy sou rezo sosyal, fo òganizasyon charitab ak fwòd enpo prelèvman egzajere, jis pou n site kèk nan yo. Anpil nan èskwokri enpo sa yo fèt pandan tout ane a lè fwòdè yo ap eseye vòlè lajan w, enfòmasyon pèsonèl ak done w yo.

IRS ankouraje w pou rapòte pwomotè konplo enpo ki abizif ak preparatè deklarasyon enpo (an anglè) ki entansyonèlman prepare move deklarasyon.