Atansyon pwolongasyon deklaran yo: Èd pou Taks disponib tout lè sou IRS.gov

Konsèy sou taks pou COVID 2021-71, 20 Me 2021

Dat limit pou kontribyab ki te mande yon pwolongasyon pou deklare pral disponib lè yo pa t atann li an. Dat limit pou deklaran sa yo soumèt deklarasyon enpo federal 2020 yo a se vandredi 15 Oktòb 2021. IRS la genyen yon varyete zouti itil ak resous epi anpil ladan yo disponib tout lè sou IRS.gov.

Men kèk ladan yo:

Deklarasyon Gratis IRS

Deklarasyon Gratis ofri aksè gratis pou lojisyèl tax gwo mak yo pou tout moun k ap rantre $72 000 oswa pi piti. Gen nèf (9) pwodui Deklarasyon Gratis an anglè ak youn an Panyòl. Sila yo ki te rantre plis kapab itilize Fòm ki ka Ranpli pou Deklarasyon Gratis yo (an anglè), vèsyon elektwonik fòmilè papye IRS yo. Deklarasyon Gratis se yon bon mwayen pou jwenn lòt avantaj fiskal yo tou, tankou Kredi Enpo sou revni an ak Kredi Enpo pou Timoun Adisyonèl la (an anglè). Tout moun ta dwe panse itilize Deklarasyon Gratis, espesyalman sila yo ki pa t jwenn tout premye ak dezyèm Peman Enpak Ekonomik yo e yo ka kalifye pou reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon (an anglè) 2020 an lè yo deklare.

Anplis, MilTax (an anglè), disponib gratis atravè Depatman Defans lan. Li ofri menm sèvis preparasyon taks anliy pou manm militè yo

Asistan Fiskal Entèraktiv (an anglè)

Zouti anliy sa a bay repons pou kesyon sou lwa fiskal yo.

Repètwa Moun ki Prepare Deklarasyon Enpo yo (an anglè)

Pou kontribyab ki vle èd nan zafè enpo yo, zouti sa a kapab ede yo jwenn pwofesyonèl enpo ki nan zòn yo a.

Kote Ranbousman Mwen an?

Kontribyab yo kapab verifye estati ranbousman yo a nan 24 è apre IRS la fin resevwa deklarasyon yo te fè sou entènèt la. Depi IRS la apwouve yon ranbousman, zouti sa a ap bay kontribyab la yon dat pou li espere li. IRS la aktyalize Kote Ranbousman Mwen an? yon fwa nan jounen an, dabitid lannwit, kidonk, pa gen nesesite pou verifye estati a pi souvan. Anplwaye ajans yo ka sèlman chèche estati ranbousman yon kontribyab 21 jou apre kontribyab la te deklare sou entènèt oswa si zouti sa a mande kontribyab la pou l rele IRS.

Aktyèlman, IRS la ap pran plis tan pou trete dokiman lapòs yo tankou deklarasyon enpo sou papye yo ak tout korespondans ki pou wè ak deklarasyon enpo. IRS ap pran plis pase 21 jou pou bay ranbousman pou kèk deklarasyon enpo 2020 ki mande ekzaminen, tankou montan kredi ranbousman rekiperasyon ki pa kòrèk yo, oswa ki te itilize revni 2019 la pou kalkile kredi enpo sou revni a ak kredi enpo pou timoun adisyonèl la

Kontribyab ki te mande yon pwolongasyon kapab fè deklarasyon lè yo pare men yo ta dwe deklare anvan dat limit 15 Oktòb 2021 an pou evite sanksyon ak enterè (an anglè) ki ka aplike. Nan kèk ka, yon kontribyab k ap deklare apre dat limit la ka kalifye pou alèjman sanksyon. IRS la ofri yon varyete mwayen pou kontribyab yo peye enpo yo.

Eksepsyon dat limit espesyal ka aplike pou kèk viktim dezas (an anglè), kèk manm sèvis militè ak pèsonèl sipò kalifye nan zòn konba yo (an anglè).

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)