Pandan pi gwo sezon siklòn nan ap pwoche a, IRS ap fè tout moun sonje pou yo pare kò yo pou katastwòf natirèl

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2020-189, 24 Dawou 2020

WACHINGTONN — Sèvis Revni Entèn Fè moun sonje pou yo kreye oswa konsève yon plan preparasyon pou sitiyasyon ijans. Yon plan ki byen panse se yon pwen enpòtan pou moun sove lavi yo lè gen katastwòf natirèl. Kontribyab taks yo, kit se moun, òganizasyon oswa biznis, dwe pran tan pou kreye oubyen mete ajou plan ijans yo genyen yo.

Yon plan solid gen ladann pou mete an sekirite epi fè plizyè kopi dokiman ki esansyèl yo, kreye yon lis kote w ka rele, epi konnen ki kote pou w jwenn enfòmasyon depi katastwòf mete pye.

Mete dokiman kle yo an sekirite epi fè kopi yo

Kontribyab taks yo dwe mete dokiman orijinal tankou deklarasyon taks, batistè, Papye kay, tit pwopriyete epi polis asirans nan kòf ki pa ka pran dlo nan yon kote ki gen anpil sekirite. Kopi dokiman sa yo dwe rete nan men yon moun konfyans ki pa nan zòn kote kontribyab taks la ap viv la. Eskane dokiman yo pou w estoke yo nan depo elektwonik tankou nan kle USB se yon lòt opsyon ki ofri sekirite ak fason fasil pou transpòte dokiman yo.

Dokiman gwo valè yo epi ekipman

Foto ak videyo kay oubyen bagay biznis la posede ka ede lè pou reklamasyon pou asirans oubyen pou benefis taks fèt aprè katastwòf. Tout pwopriyete, sitou sa ki chè yo oubyen ki gen anpil valè yo, tout dwe anrejistre. Kanè travay IRS sou sa moun pèdi nan katastwòf epi ki nan Piblikasyon 584 yo ka ede moun (an anglè) ak biznis (an anglè) konpile lis bagay yo genyen oswa ekipman biznis yo.

Anplwayè yo ta dwe verifye asirans fidisyè yo

Anplwayè ki itilize sèvis ajans pou peye anplwaye yo ta dwe mande ajans lan si l genyen asirans pou pwoteje kontra. Asirans sa a ta ka pwoteje anplwayè a nan ka kote ajans ki peye anplwaye yo ta fè fayit. IRS fè anplwayè yo sonje pou yo chwazi ak prekosyon ajans ki bay sèvis pou peye anplwaye (an anglè).

Rekonstwi dokiman yo

Afè rekonstwi dosye aprè yon katastwòf ka nesesè pou rezon taks, pou federal bay èd oswa pou asirans ranbouse lajan. Sila yo ki pèdi yon moso oubyen tout dokiman yo nan katastwòf ka ale sou sitwèb IRS la ki di Dokiman Rekonstwi (an anglè) pou fè yon premye pa.;

IRS pare deja

Kontribyab taks IRs gentan idantifye adrès rejis yo a kòm kwa yo deja bon pou resevwa alèjman taks poutèt katastwòf deja klase sou plas pou jwenn delè pou yo soumèt dosye pou jwenn enterè ak alèjman taks nan pi fò deklarasyon taks yo, epi yo pa menm bezwen rele IRS pou mande alèjman sa a. IRS mete yon lis ki alèjman ki disponib ak ki zòn ki gen dwa resevwa alèjman sou sitwèb Toupatou nan Peyi a (an anglè). Kontribyab taks katastwòf frape ki gen kesyon sou taks ka kontakte IRS nan 866-562-5227 pou yo ka pale ak yon espesyalis IRS ki fòme pou pale sou koze ki gen pou wè ak katastwòf.

Yon kontribyab taks katastwòf frape yon kote ki pa konte nan zòn federal deklare zòn katastwòf ka jwenn dwa pou l jwenn alèjman pou katastwòf. Tankou kontribyab taks ki pa fizikman nan zòn katastwòf, men ki gen dosye nesesè pou yo ka merite pou deklarasyon yo a oubyen dat limit pou yo peye a ajoune pandan moman sekou a, yo kouvri anba zòn distans. Kontribyab taks ki pa nan zòn federal deklare zòn katastwòf yo dwe idantifye tèt yo yomenm pou yo resevwa konkou lè yo rele 866-562-5227.

Chache tout detay sou konkou an ijans ak asistans nan katastwòf yo (an anglè) ni pou moun ni pou biznis sou IRS.gov.

Lòt koze ki lye ak sa:

Pou plis enfòmasyon sou Mwa Preparasyon Nasyonal, ale sou ready.gov/september (an anglè).