Yon ti apèsi de Deklarasyon Dwa Kontribyab yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-174, 14 novanm 2022

Daprè lalwa, tout kontribyab yo jwi dwa fondamantal yo lè yo ap fè fas ak IRS. Li enpòtan pou tout kontribyab yo konnen epi konprann dwa yo. Deklarasyon Dwa Kontribyab la prezante dwa sa yo nan 10 kategori.

Pou ou kapab jwenn tout detay ofisyèl yo okonplè konsènan dwa sa yo, vizite lyen ki pi ba a.

  • Dwa pou ou enfòme — Kontribyab yo gen dwa pou yo konnen kisa yo gen pou yo fè pou yo konfòme yo ak lwa fiskal yo.
     
  • Dwa pou Jwenn Sèvis kalite — Kontribyab yo gen dwa pou yo jwenn asistans rapid, koutwa epi pwofesyonèl lè y ap travay ak IRS epi tou yo gen libète pou yo pale ak yon sipèvizè lè yo pa jwenn yon sèvis ki adekwa.
     
  • Dwa pou ou Pa Peye Plis pase Montan Enpo ki Kòrèk la — Kontribyab yo gen dwa peye sèlman montan enpo yo dwe devan lalwa a, sa ki enkli enterè ak penalite yo, ak pou fè IRS la aplike tout pèman enpo yo kòrèkteman.
     
  • Dwa pou Konteste Pozisyon IRS la epi pou Yo Tande w — Kontribyab yo gen dwa pou yo konteste aksyon fòmèl IRS yo oswa aksyon li pwopoze yo epi bay dokiman adisyonèl pou jistifikasyon.
     
  • Dwa pou Fè Apèl kont yon Desizyon IRS nan yon Fowòm Endepandan — Kontribyab yo elijib pou yo benefisye yon administrasyon apèl pou pifò desizyon IRS yo ki jis epi ki san patipri, sa gen nan li tou kèk nan penalite yo.
     
  • Dwa pou Finalite — Kontribyab yo gen dwa pou yo konnen kantite tan maksimòm yo genyen pou yo konteste pozisyon IRS yo menm jan ak tan maksimòm IRS la genyen pou l kontwole yon ane enpozisyon patikilye oubyen kolekte yon dèt fiskal.
     
  • Dwa pou vi prive — Kontribyab yo gen dwa pou yo atann yo ak nenpòt ki ankèt, evalyasyon oswa egzekisyon mezi IRS yo ap fèt jan lalwa mande pou sa fèt la epi yo pap twò deranjan pase sa.
     
  • Dwa pou konfidansyalite — Kontribyab yo gen dwa pou yo atann yo enfòmasyon yo ap rete konfidansyèl. 
     
  • Dwa pou konsève reprezantasyon — Kontribyab yo gen dwa pou yo konsève sèvis yon reprezantan otorize ke yo chwazi pou reprezante yo lè y ap fè fas ak IRS la.
     
  • Dwa pou yon sistèm fiskal ekitab epi jis — Kontribyab yo gen dwa pou yo atann yo ak yon sistèm fiskal ki jis. Sa gen ladann fè konsiderasyon pou tout faktè ak sikonstans ki gendwa afekte obligasyon yo ak kapasite yo pou yo peye oswa bay enfòmasyon yo a tan.