Yon kont anliy IRS senp, san risk epi sekirize

Konsèy Fiskal IRS 2022-153, 5 oktòb 2022

Yon kont anliy IRS pèmèt li fasil pou moun yo jwenn enfòmasyon planifikasyon fiskal yo gen bezwen yo byen rapid. Ak menm fasilite kontribyab yo benefisye lè y ap fè tranzaksyon bankè anliy oswa fè acha anliy, yo kapab konekte epi jwenn dènye enfòmasyon sou tranzaksyon pèman yo, balans yo ak pi plis toujou.

Kontribyab yo kapab wè enfòmasyon sou kont yo tankou:

  • Montan yo peye yo, ki ajou pou jou ki ankou an
  • Balans pou chak ane fiskal kote yo gen dèt taks yo
  • Istorik peman yo
  • Enfòmasyon kle ki soti nan deklarasyon taks ki pi resan an jan deklarasyon orijinal la te fèt la
  • Detay sou plan pèman yo tout fwa yo ta gen youn
  • Kopi dijital avi IRS ki selektyone yo
  • Adrès ki nan dosye yo

Ak yon kont anliy, kontribyab yo kapab tou:

  • Fè yon pèman nan menm jou an
  • Mete yon Plan Peman Anliy sou pye
  • Aksede ak dosye taks yo ak transkripsyon yo
  • Otorize yon lòt moun pou li reprezante ou devan IRS oswa pou li wè dosye taks ou yo
  • Apwouve yon Manda avoka elektwonik ki siyen ak demann otorizasyon enfòmasyon fiskal ki soti nan men pwofesyonèl fiskal yo

Balans kontribyab la ap mete ajou yon fwa chak 24 è pou pi plis, jweneralman sa fèt lannwit. Kontribyab la sipoze bay youn jiska twa semèn pou pèman an kapab afiche nan istorik pèman an.

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)