Livrezon tout Pèman Enpak Ekonomik yo fèt; paran timoun ki fèt an 2021 yo, gadyen yo ak lòt moun kalifye ki pa t resevwa total EIP yo kapab reklame jiska $1,400 pou chak grenn moun atravè Kredi Ranbousman Rekiperasyon ane 2021 an

IR-2022-19, 26 Janvye, 2022

WACHINTÒN — Sèvis Revni Entèn nan anonse jodi a ke tout Pèman Enpak Ekonomik yo emèt epi raple totut moun kòman pou yo kapab reklame kèlkeswa pèman relans ki rete ke yo gen dwa avèk yo nan deklarasyon revni ane 2021 an antanke yon pati nan Kredi Ranbousman Rekiperasyon an.

Paran yon timoun ki fèt an 2021 - oubyen paran ak gadyen ki te ajoute yon nouvo timoun kalifye nan fanmi yo pou ane 2021 an - pa t resevwa tout Pèman Enpak Ekonomik yon twazyèm manch Pèman Enpak Ekonomik pou timoun nan epi kapab elijib pou resevwa jiska $1,400 pou timoun nan lè l sèman reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon an.

Pandan kèk nan Pèman Enpak Ekonomik ki sòti nan ane 2021 an kapab toujou nan yon bwat postal, sa ki gen ladan l, pèman siplemantè pou moun ki byen bonè ane sa te resevwa pèman yo selon deklarasyon enpo 2019 yo men yo elijib pou nouvo oubyen pi gwo pèman selon tretman resan deklarasyon enpo 2020 yo. IRS pa emèt pèman ankò jan lalwa mande sa. Jiska 21 desanm IRS emèt plis pase 175 milyon pèman twazyèm manch, sa ki se total plis pase $400 milya pou patikilye yo ak fanmi yo atravè peyi a pandan an menm tan y ap jere yon sezon fiskal pwolonje an 2021.

Tout twazyèm manch Pèman Enpak Ekonomik se te pèman antisipe nan Kredi Ranbousman Rekiperasyon ane 2021 an. Nan fen mwa janvye a, IRS kòmanse emèt Lèt 6475, Twazyèm Pèman Enpak Ekonomik ou an, pou benefisyè twazyèm manch Pèman Enpak Ekonomik lan. Lèt sa ap ede benefisyè Pèman Enpak Ekonomik yo detèmine si yo gen dwa fè reklamasyon epi dwe reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon an nan deklarasyon enpo 2021 yo a lè yo fè depo an 2022.

Lwa sou Plan Sekou Ameriken pou ane 2021 an, rantre an vigè jou ki te 11 mas 2021 an, te pèmèt yon twazyèm manch Pèman Enpak Ekonomik epi egzije yo pou yo te emèt yo 31 desanm pou pi ta. IRS kòmanse emèt pèman sa yo 12 mas 2021 epi kontinye jouk nan fen ane a,.

Paran elijib timoun ki fèt an 2021 yo ak ansanm fanmi ki ajoute depandan ki kalifye an 2021 dwe reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon ane 2021 an; majorite lòt moun elijib yo deja resevwa montan total la epi yo p ap bezwen pou reklame yon kredi sou deklarasyon enpo yo a

Twazyèm manch Pèman Enpak Ekonomik la se te yon pèman avanse nan ane fiskal Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an. Montan twazyèm manch Pèman Enpak Ekonomik la te baze sou revni ak kantite depandan ki sou lis yon deklarasyon revni endividyèl ane 2019 oubyen 2020 an. Montan Kredi Ranbousman Rekiperasyon pou ane 2021 an baze sou yon deklarasyon revni endividyèl ane 2021.

Ansanm fanmi ak patikilye nan sikonstans annapre yo, pami lòt, kapab pa t ko resevwa montan total twazyèm manch Pèman Enpak Ekonomik la paske sikonstans yo te diferan ke jan sa te ye an 2020 an. Fanmi ak patikilye sila yto kapab elijib pou resevwa plis lajan lè yo reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon ane 2021 an nan deklarsyon taks sou revni 2021 yo a:

  • Paran yon timoun ki fèt an 2021 ki revandike timoun nan antanke yon endepandan sou deklarasyon revni yo a kapab elijib pou resevwa yon kredi Ranbousman Rekiperasyon jiska $1,400 pou timoun sa.
    • Yo ankouranje tout paran elijib timoun ki kalifye de nesans oubyen yo te akeyi atravè yon adopsyon oubyen fwaye dakèy pou ane 2021 an tou pou reklame kredi enpo pou timoun nan - ki vo jiska jiska $3,600 pou chak grenn timoun ki fèt an 2021 - nan deklarasyon revni ane 2021 yo a.
  • Ansanm fanmi ki te ajoute yon depandan - pa egzanp yon paran, yon neve oubyen yon nyès, oubyen yon pitit pitit- nan deklarasyon revni 2021 yo a ki pa t sou lis la antanke yon depandan nan deklarasyon revni ane 2020 yo a kapab elijib pou resevwa yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon pou ane 2021 an jiska $1,400 pou depandan sa. 
  • Deklaran selibatè yo ki gen revni ki pi wo pase $80,000 an 2020 men mwens pase montan sa pou ane 2021 an; moun ki marye ki te fè yon deklarassyon konjwen epi ki te gen revni ki depase $160,000 an 2020 men mwens pase motan sila an 2021; ak deklaran ki se chèf fwaye yo ki te gen revni ki siperyè a $120,000 an 2020 men mwens pase montan sa an 2021 kapab elijib pou jwenn Kredi Ranbousman Rekiperasyon pou ane 2021 an jiska $1,400 pou chak grenn moun.
  • Deklaran selibatè ki gen revni ki ant $75,000 ak $80,000 an 2020 men ki te gen revni ki pi ba an 2021; moun ki marye ki fè depo yon deklarasyon konjwen epi ki gen revni ki ant $150,000 ak $160,000 an 2020 men ki te gen mwens revni an 202 kapab elijib pou yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021.*

    Patikilye yo dwe reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon la nan deklarasyon revni 2021 yo a nan lide pou pou jwenn lajan sa, IRS p ap kalkile Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an otomatikman. IRS kòmanse aksepte deklarasyon revni 2021 jou ki 24 janvye a.

    Majorite lòt moun ki eliib yo te deja resevwa montan total kredi yo davans epi yo pa bezwen enkli okenn enfòmasyon ki konsène pèman sa lè yo fè depo deklarasyon revni ane 2021 yo a. IRS livre pèman adisyonèl - ki rele Pèman "Plus Up" - pou patikilye yo ki inisyalman te resevwa yon twazyèm manch Pèman Enpak Ekonomik selon enfòmasyon ki nan deklarasyon revni ane 2019 yo a epi ki te elijib pou yon montan ki pi laj selon enfòmasyon ki sou deklarasyon enpo ane 2020 yo a.

    Evite reta nan tretman yo lè n ap reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon ane 2021 an

    IRS ankouraje moun yo ak tout fòs li pou yo genyen tout enfòmasyon yo bezwen pou yo depoze yon deklarasyon ki kòrèk pou evite reta nan tretman yio. Si deklarasyon an gen erè ladan l oubyen li gen enkonplè, li ka egzije revizyon apwofondi pandan IRS ap korije erè a, sa ki kapab ralanti ranbousamn enpo a.

    Pou yo revandike Kredi Ranbousman Rekiperasyon, patikilye yo ap bezwen konnen montan total twazyèm manch Pèman Enpak Ekonomik yo a, sa ki gen ladan l kèlkeswa Pèman Plus-Up yo te resevwa,. Moun yo kapab wè montan total twazyèm manch Pèman Enpak Ekonomik yo atravè Kont Anliy  endivividyèl yo genyen yo. IRS ap voye Lèt 6475 nan mwa Mas pou moun yo te voye twazyèm manch pèman yo ki konfime montan total la pou ane fiskal 2021 an. Pou moun ki marye ki ap fè deklarasyon konjwen ak moun yo marye a, chak grenn nan yo ap gen bezwen pou yo konekte sou pwòp Kont Anliy pa yo oubyen revize pwòp lèt yo a pou pòsyon pa yo a nan total pèman koup yo ke yo fòme a.

    IRS ankouraje benefisyè pèman relans pou yo pran san yo pou yo revize deklarasyon enpo yo avan yo depoze yo. Genyen enfòmasyon pèman sa disponib pandan w ap prepare deklarasyon enpo ap ede patikilye yo detèmine si yo elijib pou reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon ane 2021 an pou twazyèm manch pèman relans ki manke yo. Si yo elijib pou kredi a, yo dwe depoze yon deklarasyon enpo ane 2021. Itilize montan total twazyèm pèman yo ki sou kont anliy lan oubyen Lèt 6475 lan lè n ap depoze yon deklarasyon enpo kapab redui erè yo epi evite reta nan tretman yo pandan IRS ap korije erè deklarasyon enpo a.

    Aplikasyon Jwenn Pèman M nan p ap disponib ankò apati 29 janvye 2022, epi yo ankouraje patikilye yo pou yo pou yo aksede Kont Anliy pou yo wè premye, dezyèm, ak twazyèm manch montan Pèman Enpak Ekonomik yo selon Dosye Fiskal yo.

    Fè depo pa vwa elektwonik, epi chwazi depo dirèk

    Montan Kredi Ranbousman Rekiperasyon ane 2021 an ap redui montan taks ki dwe pou ane 2021 an, oubyen , si se plis pase taks ki dwe a, yo ap mete li nan ranbousman taks endividyèl ane 2021 an. Patikilye yo ap resevwa Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 yo a nan ranbousman yo a aprè tretman deklarasyon enpo ane 2021 an. Yo p ap livre Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an apa ak ranbousman taks la.

    Pou evite reta nan tretman yo, IRS ankouraje moun yo pou yo depoze epi konplete yon deklarasyon enpo ki kòrèk. Depoze pa vwa elektwonik pèmèt lojisyèl taks yo kalkile kredi yo ak dediksyon yo, sa ki gen ladan l Kredi Ranbousman Rekiperasyon ane 2021 an. Fèy kalkil Kredi Ranbousman Rekiperasyon ane 2021 an nan enstriksyon Fòmilè 1040 ak Fòmiè 1040-SR yo kapab ede tou.

    Dènye fason ki pi fasil epi pi an sekirite pou patikilye elijib yo jwenn ranbousman taks 2021 yo ki ap gen ladan l Kredi Ranbousman Rekiperasyon otorize ane 2021 yo a se fè depo pa vwa elektwonik epi chwazi depo dirèk.

    Nenpòt moun ki gen yon revni ki egal ak $73,000 oubyen mwens ke sa, sa ki enkli sila yo ki pa gen yon egzijans pou yo pwodui yon deklarasyon revni, kapab depoze deklarasyon enpo federal yo a pa vwa elektwonik gratis atravè pwogram Deklarasyon Gratis IRS la. Fason ki pi rapid epi fasil pou gen jwenn yon ranbousman taks se lè w depoze pa vwa elektwonik  epi fè depoze l dirèk pou ou — san okenn kontak epi gratis — nan kont finansye patikilye a. Kont bank yo, anpil kat debi prepeye yo, ak plizyè aplikasyon mobil kapab itilize pou fè depo dirèk lè kontribyab yo founi yon kòd bank oubyen yon nimewo kont.

    IRS.gov/depo gen detay sou Deklarasyon IRS Gratis, Fòmilè pou Ranpli pou Deklarasyon Gratis (an anglè), VITA gratis oubyen sit preparasyon taks TCE yo (an anglè) nan kominote yo oubyen jwenn yon fiskalis ou fè konfyans.

    Revandike Kredi Ranbousman Rekiperasyon pou premye manch oubyen dezyèm manch Pèman Enpak Ekonomik yo

    Premye manch ak dezyèm manch Pèman Ekonomik yo livre deja. Premye ak dezyèm Pèman Enpak Ekonomik yo se te yon pèman antisipe Kredi Ranbousman Rekiperasyon ane fiskal 2020 an. Moun ki pa t kalifye pou yon premye epi yon dezyèm manch Pèman Enpak Ekonomik oubyen ki genyen mwens pase montan total yo kapab elijib pou reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon nan yon deklarasyon revni 2020. Patikilye yo ap bezwen pou yo depoze yon deklarasyon enpo 2020 si yo poko depoze oubyen amande deklarasyon revni ane 2020 yo a si yo kòmanse trete l deja.

    Si deklarasyon revni patikilye a poko fin trete konplètman, patikilye a pa dwe depoze yon dezyèm deklarasyon. Gen kèk deklarasyon ki bezwen tretman espeyal pou korije erè yo oubyen montan kredi yo, sa ki ka ralanti tretman an. IRS ap gen pou l korije plis erè lontan nan deklarasyon enpo 2020 yo pase tout ane k pase yo. Si IRS korije kredi ki reklame sou deklarasyon an, IRS ap voye yon lèt ak yon eksplikasyon.

    Plis enfòmasyon