Tout kontribyab yo sipoze konnen tip otorizasyon yo pou tyès pati k ap reprezante yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-145, 21 Septanm 2022

kontribyab yo gen dwa pou reprezante tèt yo lè y ap fè fas ak IRS la. Yo gendwa chwazi yon ajans ki se yon tyès pati pou reprezante yo tou, tankou yon pwofesyonèl taks oswa yon manm fanmi. Kontribyab yo sipoze asire yo reprezantan yo a gen otorizasyon pou li egzèse devan IRS la (an anglè).

Kontribyab ki swete yon tyès pati reprezante yo sipoze ba li pèmisyon fòmèl pou li fè sa.

Men divès kalite otorizasyon pou tyès pati yo:

  • Delegasyon Pouvwa (an anglè) – Bay yon moun otorizasyon pou li reprezante yon kontribay nan dosye enpo devan IRS la. Reprezantan an sipoze yon moun ki gen otorizasyon pou li egzèse devan IRS la.
  • Otorizasyon pou Enfòmasyon sou Taks (an anglè) – pèmèt ou chwazi nenpòt ki moun pou resevwa enfòmasyon fiskal konfidansyèl yon kontribyab pou yon kalite enpo pou yon peryòd espesifik.
  • Reprezantan Deziyen (an anglè) – Chwazi yon moun nan fòm taks kontribyab la pou diskite deklarasyon enpo espesifik sa a ak ane fiskal la ak IRS la.
  • Divilgasyon Aloral (an anglè) – Otorize IRS la pou li divilge enfòmasyon fiskal kontribyab la bay yon moun kontribyab la fè pale ak IRS la nan telefòn oswa nan yon rankont konsènan yon dosye enpo byen espesifik. 

Se kontribyab la ki gen responsablite final la pou li reponn obligasyon fiskal li menm delè li ta gen yon tyès pati k ap reprezante li.

Reprezantasyon pou moun ki pa gen gwo revni

Sèvis pou Kontribyab ki gen Ti Revni yo (LITCs) pa depann de Sèvis Revni Entèn ak Sèvis Defans Kontribyab la. LITC yo reprezante sitwayen ki gen revni ki pi ba yon sèten nivo epi ki bezwen rezoud pwoblèm fiskal yo ak IRS la. LITC yo kapab reprezante kontribyab yo nan odit yo, apèl yo, ak litij koleksyon enpo yo devan IRS la ak nan tribinal. Anplis de sa, LITC yo ka bay enfòmasyon sou dwa kontribyab yo ak responsabilite yo nan plizyè lang. Sèvis yo gratis oswa yo gendwa koute yon ti frè tou piti.

Plis enfòmasyon: