Jwenn kopi dokiman ki enpòtan apre yon katastwòf kapab ede moun yo rekonstwi vi yo

Konsèy Fiskal IRS 2022-126, 17 dawout 2022

Li kapab difisil pou tout bagay retounen nan lòd apre yon katastwòf natirèl pase. Dife oswa inondasyon ka detwi dokiman pèsonèl ak dokiman finans yo, ansanm avèk dokiman k ap nesesè pou rekiperasyon pèt ki fèt nan katastwòf yo. Moun yo ka bezwen dokiman pou regle zafè enpo, pou pwogram asistans federal oswa reklamasyon asirans.

Menmsi byen pèsonèl oswa biznis yo ta detwi, toujou gen lespwa. Men kèk mezi ki kapab ede moun yo rekonstwi dokiman enpòtan yo.

Dosye fiskal

  • Jwenn relve deklarasyon taks yo touswit avèk Jwenn Relve sou IRS.gov.
  • Rele 800-908-9946 pou mande relve yo epi swiv enstriksyon yo.

Relve finansye

Moun yo kapab rasanble relve pase yo apati konpayi kat kredi yo oswa bank yo. Dokiman sa yo ka disponib sou entènèt. Moun yo kapab kontakte bank yo tou pou yo jwenn kopi papye relve sa yo.

Dokiman pwopriyete yo

  • Pou jwenn dokiman ki an rapò ak pwopriyete, pwopriyetè kay yo kapab kontakte sosyete tit la, sosyete depo fidisyè oswa bank ki te jere acha kay yo a oswa lòt pwopriyete.
  • Kontribyab ki te fè amelyorasyon nan kay yo kapab rantre an kontak avèk kontraktyèl ki te fè travay la epi mande relve yo pou verifye travay yo ak depans yo. Yo kapab jwenn deskripsyon alekri tou nan men zanmi ak fanmi ki te wè kay la anvan ak apre amelyorasyon yo.
  • Pou pwopriyete ki eritye yo, kontribyab yo kapab konsilte dokiamn tribinal yo pou yo konnen valè omologasyon yo. Si te deja gen yon fidisi oswa siksesyon, kontribyab yo kapab kontakte ki te responsab fidisi a.
  • Lè pa gen lòt dokiman ki disponib, moun yo ta dwe ale na biwo ekspè konte a pou ansyen dokiman ki ka gen enfòmasyon sou valè pwopriyete a.
  • Pwopriyetè machin yo kapab chèche valè mache aktyèl la pou majorite machin yo. Resous yo disponib sou entènèt ak nan majorite bibliyotèk yo. Pami yo Kelley’s Blue Book, the National Automobile Dealers Association and Edmunds.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)