Men ki kote yon kontribyab ka jwenn enfòmasyon IRS yo pi rapid apre yon katastwòf

Konsèy Fiskal IRS 2023-63, 8 Me 2023

Rebati apre yon katastwòf natirèl kapab akablan. Dokiman enpòtan tankou enfòmasyon finansye ak dosye fiskal yo souvan detwi nan yon katastwòf, epi rebati dosye sa yo enpòtan pou aplike pou asistans federal ak ranbousman asirans. IRS.gov gen enfòmasyon viktim katastwòf yo bezwen, tankou pwolongasyon pou deklarasyon ki gen rapò ak katastwòf ak enfòmasyon konsènan alèjman fiskal.

Paj wèb IRS.gov sa yo gen enfòmasyon sou alèjman pou katastwòf ki gen rapò ak enpo:

  • Alèjman Fiskal nan Sitiyasyon Katastwòf: Paj sa a gen lyen ki mennen nan resous ki gide moun atravè enfòmasyon ki pral ede yo apre yon katastwòf. Li gen lyen tou ak kominike laprès lokal ak kesyon yo poze souvan yo.

Piblikasyon IRS sa yo ka ede kontribyab yo tou:

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)