Apre yon katastwòf, kontribyab ki afekte yo ka kalifye pou alèjman fiskal

Konsèy Fiskal IRS 2023-67, 15 Me 2023

Moun k ap viv nan zòn ke Ajans Federal pou Jesyon Ijans lan deklare zòn katastwòf yo ka benefisye alèjman fiskal. Pou konnen si yon zòn ka benefisye yon sekou federal pou katastwòf, kontribyab yo ta dwe tcheke DisasterAssistance.gov (an anglè).

Chache enfòmasyon sou asistans pou katastwòf nan men IRS la

Gen enfòmasyon ajou ki disponib nan resous IRS sa yo:

Kontribyab ki afekte yo gen plis tan pou deklare ak peye

Si kontribyab yo abite nan yon adrès nan yon zòn ki kalifye pou alèjman fiskal IRS pou katastwòf yo, yo benefisye otomatikman de tan siplemantè nan men IRS la pou fè deklarasyon epi peye enpo yo.

Dediksyon enpo pou pèt nan aksidan

Si moun yo te gen byen ki domaje oswa pèdi akòz yon katastwòf ki te deklare federalman, yo ka kalifye pou reklame yon dediksyon pou pèt nan aksidan epi jwenn yon ranbousman ki pi gwo. Yo ka reklame sa nan deklarasyon enpo yo pou ane sa a oswa ane anvan an.

Rekonstwi dosye ki pèdi yo gras ak yon relve deklarasyon enpo

Si moun yo pèdi dosye fiskal yo, yo ka mande yon relve deklarasyon enpo ak yon kopi deklarasyon enpo yo nan men IRS la.

Pou akselere pwosesis la, kontribyab ki ranpli Fòm 4506-T oswa 4506 ta dwe:

  • Ekri sou fòm nan ke demann lan gen rapò ak katastwòf.
  • Ekri ki kalite katastwòf ak nan eta kote li te fèt la.

Moun ki demenaje yo dwe soumèt yon chanjman nan adrès

Apre yon katastwòf, moun ka bezwen demenaje tanporèman. Moun ki demenaje dwe avèti IRS la de nouvo adrès (an anglè) yo a lè yo soumèt  Fòm 8822, Chanjman Adrès (an anglè).

Prè ak sibvansyon Administrasyon Ti Biznis lan akòde yo

Administrasyon Ti Biznis la ofri èd pou katastwòf (an anglè) pou pwopriyetè biznis, pwopriyetè kay ak lokatè nan yon zòn katastwòf yo te deklare federalman. Pou kalifye pou yon prè oswa yon sibvansyon SBA, kontribyab yo dwe ranpli tout deklarasyon enpo obligatwa yo.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)