Enfòmasyon fòm ak fiskal aksesib ki disponib nan Sant Medya Altènatif IRS la

Konsèy Fiskal IRS 2023-88, 6 Jiyè 2023

IRS la ap fè efò pou sèvi tout kontribyab yo atravè enfòmasyon fiskal yo bay nan yon varyete fòma ak lang. Nan kad objektif sa a, Sant Medya Altènatif (an anglè) IRS la ofri pwodwi aksesib pou ede moun ki itilize teknoloji asistans tankou lojisyèl ki fè lekti ekran, ekran Bray ki ka rafrechi, lojisyèl agrandisman ekran ak lojisyèl rekonesans vokal.

Moun ka wè ak telechaje dè santèn de fòm ak piblikasyon fiskal nan fòma altènatif, ke anpil nan yo disponib nan lang Panyòl, ki enkli:

  • Tèks-sèlman
  • Dosye pou Bray ki pare
  • HTML ki adapte pou Navigatè
  • PDF ki aksesib
  • PDF ki gen gwo lèt

Ki kote yo ka jwenn pwodwi fiskal aksesib yo

Moun yo ka telechaje fòm fiskal yo, enstriksyon yo ak piblikasyon yo sou paj Fòm ak Piblikasyon aksesib yo (an anglè) IRS.gov la. Yo kapab mande tou kopi papye lè yo rele nan 800-TAX-FORM oswa nan- 800-829-3676.

Kouman pou mande avi fiskal nan fòma ki aksesib yo

Pou jwenn avi taks IRS nan fòma Bray, gwo enprime, odyo ak elektwonik — ki gen ladan avi sou taks adisyonèl oswa penalite ou dwe — kontribyab yo ka ranpli Fòm 9000, Preferans Medya Altènatif (an anglè) PDF. Pou soumèt fòm lan, kontribyab yo ka:

  • Mete fòm ki ranpli a ak deklarasyon enpo li
  • Voye li kòm yon fòm otonòm bay IRS la nan adrès ki sou fòm lan
  • Rele 800-829-1040

Yon fwa IRS la trete Fòm 9000 kontribyab la, pwochen avi yo ap rive nan fòma kontribyab la prefere a.

Pou mande avi yo nan lang yo prefere a, kontribyab yo ka ranpli Fòm 1040 Barèm LEP. AMC a bay tout fòma medya altènatif yo nan lang Panyòl ak tout lang ki disponib nan gwo lèt. Epi AMC a ap travay pou prezante plis resous IRS nan fòma aksesib yo.

Liy asistans pou aksesibilite a ka reponn kesyon yo

Liy Asistans pou Aksesibilite IRS la ka reponn kesyon ki gen rapò ak sèvis aksesibilite ak fòma medya altènatif yo ki disponib pou kontribyab ki gen andikap yo. Pou asistans aksè, kontribyab yo ka rele 833-690-0598.

Pou asistans ak lwa fiskal, ranbousman ak lòt pwoblèm ki gen rapò ak kont yo, moun yo ka ale sou paj Kite Nou Ede W IRS.gov la. Liy Asistans pou Aksesibilite a pa gen aksè a kont kontribyab IRS yo.

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)