Body

Sèvis pa disponib: 29 septanm 1 a.m.-1 p.m. ET

N ap fè mizajou ki te pwograme pou sèvis sa a. Tanpri tcheke apre 1 p.m. ET. Mèsi pou pasyans ou.

Ou ka jwenn aksè nan dosye pèsonèl enpo w yo sou entènèt oswa pa lapòs, ki gen ladan l transkripsyon deklarasyon enpo ki pase yo, enfòmasyon sou kont enpo, deklarasyon salè ak revni, ak lèt verifikasyon ki di pa t gen deklarasyon depoze.

Si w bezwen yon transkripsyon pou biznis ou, chèche konnen kijan pou w jwenn yon transkripsyon enpo biznis (an anglè).

Aksede dosye enpo ak transkripsyon Kont Endividyèl ou sou Entènèt

Ou ka wè dosye enpo w yo nan Kont Endividyèl ou sou Entènèt. Sa a se fason ki pi rapid, ki pi fasil pou:

  • Viwè, enprime oswa telechaje transkripsion w laew
  • Chèche konnen konbyen w dwe
  • Gade istwa peman ou
  • Gade revni brit ajiste w pou ane avan (AGI)
  • Gade lòt dosye enpo

Aksede kont endividyèl entènèt (an anglè) 

Remak: Metòd ou te itilize pou depoze deklarasyon enpo w la (e-file oswa papye) avèk si w te gen yon montan w dwe, sa ap afekte disponiblite transkripsyon w pou ane aktyèl la (an anglè).

 

Lòt mwayen pou jwenn yon transkripsyon san itilize entènèt

Nou rekòmande pou jwenn yon transkripsyon sou entènèt paske se metòd ki pi rapid la. Si w pa kapab enskri, ou ka mande pou yo voye yon deklarasyon enpo oswa yon transkripsyon kont enpo ba ou pa lapòs pito.

Kisa ou bezwen

Pou resevwa yon transkripsyon pa lapòs, ou bezwen adrès postal ou ki sou dènye deklarasyon w lan.

Sa w jwenn

  • Deklarasyon enpo oswa kalite transkripsyon kont enpo yo delivre pa lapòs
  • Transkripsyon k ap rive nan 5 a 10 jou kalandriye nan adrès nou gen nan dosye nou pou ou a

Jwenn transkripsyon pa lapòs (an anglè)

Ou ka mande tou pou yo voye yon transkripsyon pa lapòs lè w rele nan nimewo telefòn otomatik pou sèvis transkripsyon  nou an nan 800-908-9946.

Pou plis enfòmasyon, vizite sèvis transkripsyon – FAQ (an anglè). Si w ap eseye jwenn yon transkripsyon pou ranpli Aplikasyon Gratis Èd Federal pou Etidyan (FAFSA), al gade nan Enfòmasyon sou enpo pou aplikasyon èd finansye pou etidyan yo (an anglè).

Remak: Transkripsyon yo maske pasyèlman enfòmasyon ki idantifye w pèsonèlman pou pwoteje w. Done finansye yo ap rete totalman vizib pou pèmèt preparasyon enpo, reprezantasyon enpo oswa verifikasyon revni. Aprann plis nan Konsènan transkripsyon enpo (an anglè). Si w bezwen yon fotokopi deklarasyon w lan, soumèt Fòm 4506, Demann pou kopi Deklarasyon Enpo (an anglè).

Atansyon: IRS pa pran premye kontak ak kontribyab pa imel, mesaj tèks oswa rezo sosyal pou mande enfòmasyon pèsonèl oswa finansye. Vizite rapòte èskrokri pou jwenn enstriksyon si w pa sèten sou otantisite nenpòt kominikasyon w resevwa, ki pa vini pa lapòs Etazini, ki fè konnen yo soti nan IRS.

 

Piblikasyon yo